Samdi 30 novanm 2024 sa a, yon nouvo Direktè enstale nan tèt Direksyon Santral Polis Administratif (DCPA) pou make yon chanjman nan chèn kòmandman Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH).
Se Enspektè Jeneral Alain Auguste ki vini nan tèt Direksyon Santral Polis Administratif la kote li vin ranplase Enspektè Jeneral Arol Enol Alphonse. Enstalasyon sa a te fèt sou Direksyon Enspektè Jeneral Smith Péyo ki se Chèf Kabinè Direktè Jeneral Lapolis la, Mesye Rameau Normil.
Nan okazyon sa a, nouvo Direktè Santral Polis Jidisyè a, Enspektè Jeneral Alain Auguste, pa te manke remèsye Direktè Jeneral Lapolis la pou konfyans li fè li, pandan li pwomèt li pral mete tout nanm li nan batay kont tout kalte gwo bandi yo.

