Devan enkapasite li pou bay sekirite, pouvwa tranzisyon an voye solidarite li bay popilasyon an

Nan yon nòt piblik nan dat 12 avril 2025, Laprezidans ansanm ak gouvènman an voye senpati yo bay popilasyon ayisyèn nan, pandan yo pa kache gwo tèt chaje yo di yo genyen nan moman kote peyi a ap konnen tout kalte masak ak zak vyolans moun pa te ko janm konn wè.

Yo fè konnen kalite aksyon kriminèl gang ame yo ap komèt yo ki jwenn sipò yon rezo kriminalite ki gen rasin li nan anpil peyi, ansanm ak yon sektè mafya an Ayiti, rive menase menm fondman nasyon an.

Konsa, pouvwa tranzisyon an mande popilasyon an rete sou pinga li, pandan malfèktè yo, ni sa ki te la depi lontan, ni sa ki fèk parèt, yo pa sispann fè popilasyon an pè epi y ap menase enstitisyon Leta yo.

Pouvwa tranzisyon an deklare pi lwen nan nòt sa a premye priyorite li se retabli sekirite nan tout peyi a, epi li di li konnen se pi gwo revandikasyon nòmal popilasyon an ki bezwen pou lavi reprann nan peyi a san kè moun pa bezwen ap sote pou pitikantank.

Nan sans sa a, pouvwa tranzisyon an mande sitwayen yo kale je yo, pandan yo di yo pase fòs lòd yo lòd pou yo pa nan fè douyèt nan pran tout kalte mezi ki kapab pèmèt Ayisyen yo viv an sekirite epi pou enstitisyon peyi a rete kanpe djanm.

Yon lòt kote pouvwa tranzisyon an fè konnen diplomasi ayisyen an pa sispann plede kòz peyi a devan Nasyonzini ak peyi manm yo pou wè si yo ta vire je gade peyi a rapid rapid, pou yo wè si yo ta rewè pwopozisyon ki mande pou yo ta lage kichòy ki gen plis pwa nan bòl li, nan sans pou retabli sekirite nan peyi a.

Anfen, pouvwa tranzisyon an renouvle angajman li di li genyen san li p ap tranble pou li soutni fòs lòd nasyonal yo ak misyon miltinasyonal yo di ki vin apiye sekirite an Ayiti a, pandan li mande tout sektè enpòtan nan lavi nasyon an pou yo pa tonbe nan fè vyolans, epi li envite yo chita ansanm, pou renouvle angajman yo te pran ansanm pou yon tranzisyon ki t ap kreye kondisyon pou te pèmèt enstitisyon demokratik yo retabli nan lapè ak sekirite.

Yo voye dlo yo pa mouye pèsonn. Mèt pwen an ka jis ranmase pwen li.

Description de l'image
1 kòmantè