Detwa sòlda pèpè pou detwa foto, anyen ankò

Vendredi 3 janvye 2025, 75 sòlda ki soti nan peyi Gwatemala ak 8 nan peyi Salvadò debake nan Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture pou vin pote lamenfòt bay Misyon miltinasyonal yo di ki vin apiye sekirite an Ayiti a. Pou bay bagay la yon aspè grandyoz, Laprezidans pale de plizyè dizèn polisye ki vin ranfòse misyon an. Men se vre 83 se plizyè dizèn.

Jèn Ayisyen k ap kouri pou move lavi ak vyolans gang ame yo ki ale pran veksasyon nan peyi etranje dwe di tèt yo pito yo te sòlda pèpè, lè yo gade «tapi wouj» ki deplwaye pou akeyi etranje sa yo an triyonf. Pou 83 sòlda, Prezidan, Premye Minis, gwo Anbasadè, Chèf Lapolis ak lòt gwo otorite oblije ale nan Ayewopò pou fè foto, ou ta di se lepap ki debake a.

Men apre detwa foto pou pibliye sou paj Laprezidans, Primati, PNH, MSS ak nan medya, kisa misyon sa a itil ?

Depi 25 jen 2024, yon premye kontenjan sovè etranje sa yo ki te genyen polisye kenyan te rive nan peyi a. Se te prèske menm chalè ki te genyen an 1994 lè lame amerikèn te debake pou te mete dlo nan diven lame d Ayiti ki t ap fè pèp la monte lesyèl pa do. Popilasyon an ki pa te konn ki sen pou li te rele pou delivre li anba men gang ak zam te kondidere se Kenyan yo ki t ap vin sove li, devan echèk otorite peyi a. Plis pase 6 mwa apre, malgre pwopagann pou eseye fè moun pran Nana pou Sizàn, desepsyon an pa piti.

Anba je Misyon miltinasyonal la, konbyen lopital ki boule, konbyen katye ki pase sou kontwòl gang ame yo, konbyen sitwayen ki pèdi kay yo, biznis yo, ki deplase al refijye nan kan ? Konbyen lekòl ak inivèsitè ki fèmen ? Konbyen legliz ki pa ka fonksyone ? Konbyen sitwayen ki pèdi lavi yo ? Konbyen masak ki fèt ?

Anba je misyon miltinasyonal la, a kèk mèt de baz yo, bandi twouve yo al tire sou avyon, sa ki lakoz Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture fèmen teknikman, avyon pa vole, moun pa ka vwayaje. Menm pi gwo otorite peyi yo ki ta prale Kolonbi nan jou pase yo, se Okap yo te oblije pase, epi yo te menm bloke lè y ap retounen akoz move tan ki te gen nan Okap.

Depi 25 jen 2024, konbyen wout ki debloke ? Ki kote sitwayen yo kapab sikile libelibè nan peyi a ? Okontrè, anpil kote moun te konn ka sikile avan misyon an te la vin enpratikab kounye a paske se gang yo ki kontwole yo.

Men malgre tout bagay, misyon miltinasyonal yo di ki vin apiye sekirite an Ayiti sa a genyen yon pwen pozitif. Kontrèman ak sa misyon militè etranje Nasyonzini yo te abitye Ayiti, moun pa ko tande gwo eskandal seksyèl vyòl sou jenn gason ak jenn fanm, ak lòt vyolasyon dwa moun, sòlda ak polisye ki nan misyon sa yo ta komèt.

Kanta pou pwoblèm gang Ayiti a, petèt 100 GI (sòlda lame ameriken) byen ekipe ta ka rezoud li. Men si se pou Kenyan ak lòt ankò, se koze pou fè timoun dodo. Apre detwa bèl pòz foto, souri, tchiiiz, anyen ankò.

Description de l'image