Apre Konsèy Minis ki te dewoule nan Viladakèy jou mèkredi 4 desanm 2024 la, Primati a soti yon kominike pou enfòme popilasyon an sou desizyon Konsèy la adopte yo di ki vize ranfòse kapasite administrasyon piblik la pou li pote pi bon repons sou pwoblèm peyi a.
Pami desizyon sa yo, genyen yon arete ki mande pou tout manm gouvènman an ak tout gran palto nan Leta pou yo mande yon otorizasyon avan yo vwayaje al nan peyi etranje, yon arete ki bay tout moun ki pa gen batistè 5 an pou yo mete yo an règ, yon arete ki rekonèt 29 novanm 1803 kòm Premye Pwoklamasyon Endepandans peyi a nan Fò Dauphin nan Fòlibete, yon arete pou konplete Konsèy Elektoral Pwovizwa a, nominasyon yon Direktè Jeneral nan Direksyon Jeneral Enpo (DGI), nominasyon yon Direktè Jeneral Adjwen nan Direksyon Jeneral Enpo.
Kòm priyorite, Konsèy Minis la te diskite sou sitiyasyon sekirite tèt chaje peyi a epi sou fason y ap pran ka moun ki deplase yo, fason y ap òganize fèt fendane yo pandan ensekirite ap kase kou pèp la, nan ki pwen travay Komisyon refòm penal la ye, pwogram asenisman Ministè anviwònman ap mennen.
Anfen Gouvènman an fè konnen li angaje pou li atake gwo pwoblèm popilasyon an ap travèse yo pou li ka rive remete peyi a sou chemen demokrasi ak devlopman dirab.

