De (2) sòlda Fòs Lame d Ayiti ak plizyè manm nan popilasyon sivil la tonbe anba bal bandi ame k ap simaye latèrè nan zòn metwopolitèn nan 25 fevriye nan aswè nan kad poteboure gwoup ame sa yo fè nan katye Dèlma 30.
Dènye jou sa yo, gang ame yo pase yon vitès siperyè nan zak teworis yo kont popilasyon zòn metwopolitèn nan k ap kouri san sekou pou chape anba zak kriminèl yo. Nan Taba, Kafoufèy, Kenskòf, Dèlma 30, se manman pitit mare vant. Gang yo boule, yo touye, yo kraze, yo brize san pèsonn pa di yo je wouj.
Si popilasyon sivil la ki de bra balan rete yon pwa fasil pou gang kriminèl yo, menm manm fòs lòd yo pa epanye anba firè gwoup sa yo ki sèmante se yo ki pou fè lalwa nan peyi a. Se konsa 2 sòlda Fòs Lame d Ayiti sa yo rive tonbe, ansanm ak plizyè manm nan popilasyon sivil la, kote videyo yon paran k ap transpòte yon mò vlope nan yon dra sou yon bourèt te viral sou rezo sosyal yo.
Pandan tan sa a, pi gwo otorite peyi yo sanble pa konnen si tout bagay sa yo ap pase la a devan je yo. Yo kontante yo jwi privilèj yo, san yo pa panse gen responsabilite ki mache ak privilèj y ap jwi yo. Popilasyon an li menm pa konnen ki sen pou li rele pou vin sekoure l anba bann kriminèl sa yo.
