DDO-1 vle mete kanpe yon nouvo plan estratejik pou sekirite

Fyète Kreyòl Enfo Tag

Nouvo Direktè Depatmantal Lapolis Lwès-1 an, Komisè Divizyonè Luckner Dumond, tousuit apre enstalasyon li, li deside pase alaksyon nan sans pou mete kanpe yon nouvo plan estratejik pou konbat ensekirite a nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la.

Nan sans sa a, Komisè Divizyonè Dumond te reyalize yon vizit enspeksyon nan jiridiksyon lapolis nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens la jou vandredi 1e novanm 2024 la, espesyalman nan Kafou Ayewopò ak nan Solino.

Se te okazyon pou nouvo Direktè Lapolis Lwès-1 an rewè epi elaji chèn kòmandman inite k ap batay nan Solino yo pou yo fè fas kare ak gang ame yo, jan wo kòmandman Lapolis la mande sa.

Lapolis fè konnen tou yon lòt bò entèvansyon li yo ap miltipliye tou nan rejyon metwopolitèn nan pou yo kapab kontinye mache pran bandi yo kote yo ye a.

Description de l'image