DCPJ louvri yon ankèt sou atak kont yon machin Anbasad Ameriken an Ayiti

Nan yon nòt pou piblik la, Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) fè konnen li louvri yon ankèt sou atak ki te fèt kont yon machin Anbasad Ameriken an Ayiti.

Toudabò, Direksyon Santral Polis Jidisyè fè konnen li kondane ak tout fòs li atak moun ak zam te fè kont yon machin Anbasad Ameriken an Ayiti lendi 20 janvye 2025 la nan Taba.

Apre atak sa a ki se yon manke dega kont dwa moun genyen pou yo sikile lib nan tout tèritwa nasyonal la, Lapolis Nasyonal d Ayiti deklare li ranfòse dispozitif sekirite li pou kontrekare plan malveyan yo k ap bat pou yo simen latwoublay nan mitan popilasyon sivil la.

Nòt la presize Direksyon Santral Polis Jidisyè deja louvri yon ankèt pou li kapab konnen kilès ki fè zak babari sa a, moun ki patisipe ladan li, ak tout moun ki konplis, pou li kapab mache pran yo epi fè yo sispann anmède moun.

Lapolis Nasyonal d Ayiti tou pwofite renouvle volonte san mank li di li genyen pou li konbat gwo banditis la sou tout fòm li, pandan l ap kontinye pwoteje lavi ak byen nan tout peyi a.

Description de l'image