DCPJ arete yon evade prizon nan ayewopò Toussaint Louverture

Jounen vandredi 14 jen 2024 la, ajan BNC-Entèpòl yo arete nan ayewopò Toussaint Louverture Joseph Ludy ki se yon evade prizon, nan moman li ta pral pran avyon pou ale nan peyi Etazini.

Joseph Ludy se yon moun Direksyon Santral Polis Jidisyè t ap chèche kou chen fou pou sove nan prizon, ansasinay, vyòl ak asosyasyon malfèktè. Li te sove nan prizon 2 mas ki sot pase a lè moun ak zam te atake prizon an.

Lapolis Nasyonal d Ayiti di li toujou detèmine pou fè entèvansyon ak operasyon pou yo arete tout moun ki te sove nan prizon yo.

Description de l'image