Cristiano Ronaldo savonnen Ilann Dinò

KF: Foot mercato

Nan match chofe jarèt avan Koup d Ewòp la kòmanse, Pòtigal plati Ilann Dinò 3 – 0 jodi madi 11 jen an. Se vre Ilann pa kalifye pou konpetisyon sa a men viktwa Pòtigal la remonte konfyans ekip la apre li te fin pèdi devan Kwowasi 1 – 2.

Pi wouye, pi koupe. Nan match sa a, Cristiano Ronaldo ta pral montre li la toujou. Ouvriye vann zouti l men li pa bliye metye l. Si li te toujou mete dife nan estad ewopeyen yo, se pa paske li gen 39 an epi l ap jwe nan Sawoudi Pwo Lig la ki fè li ta touye sigarèt li mete dèyè zòrèy li pou sa. Li la, kidonk gadyen ewopeyen yo pral gen travay pou yo fè.

Si se Joao Felix ki te louvri eskò a nan 18èm minit ak yon bèl frap, dezyèm mitan an se te espektak pa ansyen atakan vedèt Reyal Madrid la, CR7. Li ta pral make yon double avèk yon bèl anwoule nan likàn opoze a nan 50èm minit, avan li te konkli yon bèl travay Diogo Jota nan 60èm minit. Se konsa Pòtigal ranpòte viktwa a 3 – 0 pou li montte li pare pou Ewo a.

N ap raple Ewo a ap dewoule soti 14 jen pou 14 jiyè nan peyi Almay. Pòtigal nan gwoup F ki genyen ladan li tou Tiki, Jòji, Repiblik Tchèk.

Description de l'image