Federasyon Ayisyèn Foutbòl (FHF) pibliye yon kominike ofisyèl dimanch 16 mas 2025 la kote li regrèt pou enfòme jounen inogirasyon Chanpyona Nasyonal Foutbòl la repòte poutèt abit yo ki pa disponib, ki refize abitre match ki te pwograme yo.
Komisyon Òganizasyon Chanpyona Nasyonal Espesyal D1 an fè konnen Komisyon Nasyonal Abit yo (CONA) te gentan kominike lis abit pou match yo bay FHF epi te menm gen frè deplasman yo te gentan mete sou kont yo. Men lavèy match yo, menm CONA a voye yon lèt ofisyèl bay Federasyon an pou fè li konnen abit yo p ap disponib ankò.
Federasyon Ayisyèn Foutbòl deklare li regrèt anpil pwoblèm sa poze lè se byen ta konsa yo konnen abit yo p ap disponib. Li fè konnen l ap gen pou li kominike lòt enfòmasyon avan lontan sou chanpyona a.
N ap souliye Federasyon Ayisyèn Foutbòl te prevwa òganize chanpyona nasyonal foutbòl espesyal sa a avèk 13 ekip ki divize nan kat zòn jewografik pou yo te kapab eseye kabre sitiyasyon kriz ensekirite peyi a ap konnen nan moman an. Premye jounen an te dwe dewoule nan dat dimanch 16 ak jedi 20 mas 2025.
