Chanjman klimatik : Èske nou tout konsène ?

Samlie Sapraëlle Pierre

Chanjman klimatik la ap pwovoke yon bann boulvès sou planèt la. Li fè nou viv yon seri fenomèn ki etone nou paske se bagay nou pa te konn wè avan. Men èske se yon bagay ki konsène nou tout, patikilyèman nou menm k ap viv an Ayiti ?  Pa egzanp, pami pil fenomèn etranj nou kapab wè k ap rive, nou ta kapab sezi wè nèj ap tonbe an Ayiti. Èske sa posib ? Li ta enpòtan pou nou ta reflechi sou sa epi anvizaje konsekans sa ta kapab trennen dèyè li pou nou.

Chanjman klimatik yo ap fè monn nan fè fas ak fenomèn ki pi ekstrèm chak jou. Semèn sa a menm, nèj tonbe nan Florid, yon zòn twopikal (Sid) ak sibtwopikal (Nò), epi sa fè anpil moun etone. Yon kesyon ki ka vini nan tèt anpil Ayisyen se : Èske nèj ka rive tonbe an Ayiti tou, menm jan ak Florid ? An nou fè yon ti refleksyon sou kesyon sa a ak konsekans sa ta ka genyen sou peyi nou.

Èske li posib pou nèj tonbe an Ayiti ?

Nou konnen Ayiti gen yon klima twopikal, sa ki fè li difisil pou imajine nèj tonbe sou tèritwa nou. Sepandan, evènman ki fèt Florid la montre kondisyon klimatik ekstrèm kapab rive menm nan zòn ki pa abitye ak gwo fredi. Nan Florid, vag frèt yo soti nan pètibasyon ki fèt nan kourandè ki kontwole tanperati nan rejyon Nò. Menm si Ayiti pi pre ekwatè a, nou pa ka totalman elimine posiblite yon chanjman ekstrèm tankou sa fèt Florid la.

Konsekans si nèj ta rive tonbe an Ayiti

Si nèj ta rive tonbe an Ayiti, konsekans yo ta grav anpil, paske peyi nou pa prepare pou kalite klima sa a. Men kèk nan difikilte ki ta kapab poze yo :

1. Kay ki pa izole. Pifò kay Ayiti yo fèt ak materyèl tankou tòl oswa bwa, ki pa bay pwoteksyon kont fredi ekstrèm. Sa ta ka mete anpil moun nan danje, espesyalman nan zòn riral, ak pou moun ki nan kay ki pi frajil yo.

2. Absans rad ak ekipman pou fredi. Nou pa gen abiman ki kapab ede nou fè fas ak tanperati ki desann twò ba. Anpil moun pa t ap kapab jwenn rad ki pwoteje yo kont gwo fredi.

3. Sistèm chofaj ki pa egziste. Pifò kay Ayiti yo pa gen chofaj. Sa vle di moun yo ta oblije fè fas ak gwo fredi a san okenn èd teknik, sa ki ta ka lakòz pwoblèm tankou ipotèmi oubyen enfeksyon respiratwa.

4. Sante piblik ak lanmò. Maladi ki asosye ak fredi, tankou nemoni, ta ka ogmante. Moun ki pi vilnerab yo (timoun, granmoun, malad) ta ka premye viktim nan ka sa a.

Kisa nou ka fè pou pare si chanjman sa yo ta rive ?

Men kèk estrateji ki ta ede nou si evènman konsa ta rive nan peyi nou Ayiti :

1. Ede moun konprann ris yo. Fè edikasyon sou sa moun ka fè pou pwoteje tèt yo kont fredi, tankou itilize kouvèti, chèche abri, epi evite ekspoze kò yo san pwoteksyon.

2. Ranfòse estrikti kay yo. Ankouraje moun bati kay ki pi rezistan pou klima ekstrèm, espesyalman nan zòn ki fè frèt deja.

3. Devlope plan ijans nasyonal. Mete kanpe yon sistèm distribisyon kouvèti, rad cho, ak manje cho pou ede popilasyon an si yon sitiyasyon konsa ta rive.

3. Kolaborasyon entènasyonal. Travay ak òganizasyon mondyal yo pou jwenn resous ak sipò nan prevansyon ak repons pou kriz klimatik yo.

Chanjman klimatik : yon apèl pou aksyon

Fenomèn nèj ki tonbe Florid la se yon rapèl chanjman klimatik la afekte tout monn nan, menm rejyon twopikal tankou Ayiti. Malgre nèj pa tonbe Ayiti jiska prezan, lòt evènman klimatik ekstrèm, tankou vag chalè, gwo lapli, oubyen fredi moun pa te prevwa, ap vin pi souvan.

Peyi nou dwe prepare tèt li pou fè fas ak nouvo reyalite sa yo.

Se pa sèlman responsablite gouvènman an, men tou se responsablite chak sitwayen pou enfòme tèt li, patisipe nan planifikasyon, epi kontribye nan bati yon Ayiti ki pi rezistan kont chanjman klimatik.

Nou dwe poze tèt nou kesyon sa a : Èske nou pare pou yon avni ki chaje ak tout kalte move sipriz ? Si wi, kisa n ap fè pou pwoteje tèt nou epi pwoteje jenerasyon k ap vini apre yo ?Planifikasyon, solidarite, ak adaptasyon se kle pou fè fas ak chanjman sa yo. Peyi nou merite tout efò nou pou kreye yon avni kote Ayiti ka kenbe tèt ak chanjman klimatik pandan n ap pwoteje lavi ak byennèt popilasyon an.

Planifikasyon, solidarite, ak adaptasyon se kle pou fè fas ak chanjman sa yo. Peyi nou merite tout efò nou pou kreye yon avni kote Ayiti ka kenbe tèt ak chanjman klimatik pandan n ap pwoteje lavi ak byennèt popilasyon an.Samlie Sapraëlle Pierre

Samlie Sapraëlle Pierre

Description de l'image