Carlo Ancelotti deklare Reyal Madrid pa prale nan Mondyal Klèb yo k ap òganize sou nouvo fòma 32 ekip la an 2025. Li fè konnen yon sèl match Reyal Madrid vo 20 milyon epi se lajan sa a FIFA vle ba yo pou tout konpetisyon an. Li di tou se pa sèl Reyal Madrid ki pa prale men gen lòt ekip k ap suiv li.
«FIFA sanble bliye sa a men jwè yo ak klèb yo p ap patisipe nan konpetisyon sa a.» se sa Ancelotti deklare.
FIFA te vle monte yon lòt fòma konpetisyon pou Mondyal Klèb yo an 2025 avèk 32 ekip ki ta dwe fèt sou yon mwa (15 jen – 13 jiyè) nan peyi Etazini. Ewòp gen 12 biyè pou kont li avèk ekip ki ranpòte ligdèchanpyon an 2021 a 2024 plis lòt ekip yo ki chwazi sou baz rezilta yo fè pandan 4 dènye ane yo.
Deklarasyon antrenè Reyal Madrid la ki trè fèm sanble ap fè FIFA al revize kaye li pou konpetisyon sa a.
