Fanatik foutbòl brezilyen yo gen lontan y ap soufri ak yon Seleçāo «en dous en cho» ki sispann mete lajwa nan kè yo. Chak gran konpetisyon, yo panse fwa sa se pral bon kou a, men sanble bèl jou ekip jòn e ble a pase e yo pa ko anvi tounen. Apre yo te fin pèdi Kopa Amerika ki t ap òganize lakay yo devan gran rival ajanten an nan final an 2021, yo ta pral elimine nan 1/4 de final Mondyal Kata a devan Kwowasi. Se mòde l ap mòde lage tou nan kalifikasyon pou Mondyal 2026 yo nan zòn Amerik Disid la. Pou Kopa Amerika ki pral kòmanse 20 jen sa a nan peyi Etazini, fanatik yo ap priye Bondye pou ekip la ta reveye li. Men gen moun ki pèdi lafwa.
Youn nan moun sa yo ki di li pa menm gen kouraj ankò pou li gade ekip Brezil la, se youn ki te fè glwa li nan tan pase yo, Ronaldinho. Nan yon mesaj li pibliye sou Instagram, ansyen atakan vedèt FC Baselòn nan fè konnen li bouke, li p ap gade ekip sa a ankò ki se yon ekip san nanm, san nannan, san jèvrin ak yon pil jwè mwayen, an gwo, yon wont pou foutbòl brezilyen an.
«Se fini mezanmi. Mwen bouke. Se yon peryòd tris pou tout moun ki renmen foutbòl brezilyen an. Li difisil pou yon moun jwenn kouraj nesesè pou ou gade match yo. Petèt se youn nan pi move ekip nan dènye ane sa yo, san lidè respektab, pifò ladan yo se jwè mwayen. Depi m timoun m ap suiv foutbòl, avan menm mwen te fè lide pou m vin jwè mwen menm. Mwen pa te janm wè yon sitiyasyon ki pa bon nan nivo sa a. Pa gen lanmou pou mayo a, pa gen detèminasyon, epi sa ki pi enpòtan, pa gen foutbòl. M ap repete sa ankò, mwen pa janm wè yon ekip jwe mal konsa. Se yon wont. Se poutèt sa mwen fini ak tout bagay. Mwen p ap gade okenn match Kopa Amerika epi mwen p ap selebre okenn viktwa.,»
Nan moman ekip la ta bezwen lapè ak ankourajan tout fanatik li yo pou abòde Kopa Amerika a avèk konfyans, polemik sa a ansyen etwal PSG a lanse a pa ranje okenn nan jwè yo, ni manm estaf teknik la. Nan sans sa a, Raphinha reponn Ronaldinho samdi 15 jen nan konferans de près pou li di : «Ronaldinho di li p ap gade ekip nasyonal Brezil la? Men sa gen kèk jou li te ekri Vinicius Junior pou li mande li biyè pou li ka vin gade match seleksyon nasyonal la.
Fanatik foutbòl brezilyen yo ta swete pou se sou tèren an Raphinha ansanm ak tout lòt jwè yo ta reponn Ronaldinho pou pi gran bonè fanatik Seleçāo a.
