Brezil : lyon an sanble reveye

KF: CONMEBOL Copa America sou X

Jodi vandredi 28 jen 2024 la se te fen dezyèm jounen faz gwoup yo nan Kopa Amerika a avèk gwoup D a kote ekip Brezil la te sou menas posibilite yon eliminasyon nan premye tou si li pa te degaje li kou mèt Jan Jak pou li te ranpòte viktwa jodi a. Menm si afè li pa ko fin regle nèt men li pran yon bèl opsyon pou kalifikasyon yo.

Toudabò, Kolonbi t ap afwonte Kostarika a 6 zè PM. Kolonbi ki te deja gen 3 pwen te bezwen yon viktwa pou li te kalifye pou 1/4 de final yo. Ebyen se vannen li vannen Kostarika 3 – 0 gras ak L. Díaz (31′ P), D. Sánchez (59′) epi J. Córdoba (62′). Avèk viktwa sa a, Kolonbi pa konn ka pèsonn. Li kalifye pou 1/4 yo apre Ajantin, Venezyela, Irigwe.

Nan dezyèm match la ant Paragwe ak Brezil, Seleçāo a montre li la toujou. Atansyon ak yon lyon k ap dòmi.  Menm si Paragwe pa reprezante yon ekip ki anfòm nan moman an, sa pa retire anyen sou viktwa Brezil la ki pèmèt li leve tèt li epi mete yon ti lajwa nan kè fanatik li yo. Sitou Brezil pa te twò byen kòmanse paske li te rate yon penalite avan Vinicius Jr te sonnen revèy la.

Yo t ap tann Vinicius Jr ki te tèlman briye nan Reyal Madrid sezon 2023 – 2024 la, anpil moun ki enterese ak balon won an kwè li se yon kandida serye pou balon dò ane sa a. Ebyen li te dechennen nan match sa a kont Paragwe a. Depi match la kòmanse li fasil pou ou te remake debòdeman li yo sou lèl goch la ki te bay defansè Paragweyen yo anpil pwoblèm.

Men moun ki te make nan match la : Vinícius Júnior (35′, 45+5′), Savinho (43′) epi Lucas Paqueta (65′) pou Brezil, epi pou Paragwe se O. Alderete (48′). Se konsa Brezil rete nan dezyèm plas la avèk 4 pwen sou 6 dèyè Kolonbi. Kostarika gen 1 pwen epi Paragwe gen 0 pwen, li tou elimine. Dezyèm plas pou kalifikasyon an pral jwe ant Brezil ak Kostarika.

Demen samdj  29 jen an Kopa Amerika a ap rapousuiv avek dènye jounen nan gwoup A a kote 2 match yo ap jwe nan menm lè (8 è PM.

Ajantin – Pewou

Kanada – Chili

Description de l'image