Bondye, relijyon, espirityalite ak kwayans

Holson Montina

Depi nan kòmansman limanite, moun toujou ap chèche repons sou sa ki depase yo, sou sa ki sakre, sou sa ki mennen lavi a ak sa ki vini apre lanmò. Kèlkeswa kontinan, ras, kilti oswa nivo sosyal, relijyon toujou jwe yon wòl esansyèl nan lavi moun. Chak relijyon kwè Bondye li adore a se sèl vrè Bondye a. Men, èske tout relijyon ap mennen moun nan menm direksyon an, men nan chemen diferan? Se sa nou pral analize ansanm.

1. Relijyon Abrahamik yo : Krisyanis, Jidayis, ak Islam

Relijyon abrahamik yo sòti nan tradisyon Abraham nan, premye patriyach la, daprè sa Laib ak Koran an rakonte.

a) Jidayis : Relijyon pèp chwazi a

Jidayis se youn nan relijyon ki pi ansyen sou latè. Li baze sou ansèyman Tora a (senk premye liv Labib la) ak sou alyans Bondye te pase ak Abraram ak pèp Izrayèl la. Jwif yo kwè nan Yon sèl Bondye ki rele Yahweh. Yo panse Mesi a pa ko vini, epi y ap tann li pou delivre pèp la.

b) Krisyanis : Pitit Bondye a se Sovè

Krisyanis la soti nan Jidayis la, men li diferansye tèt li paske li rekonèt Jezi Kris kòm Mesi a. Kretyen yo kwè Jezi Kris se pitit Bondye, li te mouri sou kwa pou peche limanite epi li resisite sou twazyèm jou a. Yo kwè li se sèl chemen ki mennen nan syèl la epi l ap retounen yon jou pou mennen fidèl yo nan wayòm Bondye a.

c) Islam: Sèvitè Allah yo

Se pwofèt Muhammad ki fonde Islam nan nan 7èm syèk 7 la. Mizilman yo kwè Allah se sèl Bondye a, epi Muhammad se dènye mesaje li a. Liv sakre yo, Koran an, se pawòl Bondye bay limanite atravè Muhammad. Yo mete anpil enpòtans sou adorasyon, lapriyè, ak jistis sosyal.

Tout twa relijyon sa yo kwè nan menm Bondye a, men yo gen vizyon diferan sou mesaj li ak plan sali li.Relijyon Endyen yo: Endouyis, Boudis, Sikyis ak Jainism

2. Relijyon Endyen yo: Endouyis, Boudis, Sikyis ak Jayinis

a) Endouyis: Patenarya ak divinite yo

Endouyis la se youn nan relijyon ki pi ansyen e li trè konplèks. Li gen plizyè dye tankou Brahma (kreyatè a), Vishnu (pwotektè a), ak Shiva (destriktè a). Men, anpil Endou kwè tout dye sa yo se manifestasyon yon sèl reyalite diven yo rele Brahman. Sistèm kwayans yo baze sou reyenkanasyon, karma, ak Moksha (liberasyon)

b) Boudis : Soti nan soufrans pou rive nan Nirvana

Boudis la pa pale de Bondye nan menm sans ak lòt relijyon yo. Li baze sou ansèyman Boudha, ki te chèche konprann soufrans moun ak kijan pou chape anba li. Boudis la ankouraje meditasyon, konpreyansyon sou reyalite, ak yon lavi moral pou rive nan Nirvana, yon eta libète espirityèl.

c) Sikyis: Yon sèl Dye, menm pou tout moun

Sikyis la, ki fonde nan peyi End, kwè gen yon sèl Dye epi tout moun ka konekte ak li san distenksyon. Yo mete anpil enpòtans sou travay onèt, sèvis imanitè, ak meditasyon sou non Dye sa a.

Relijyon Endyen yo mete aksan sou reyenkanasyon, chwa moral yo, ak chemen espirityèl ki diferan.Relijyon Tradisyonèl Afriken ak Vodou

3. Relijyon tradisyonèl afriken ak Vodou

Anpil relijyon afriken baze sou adorasyon lespri, zansèt, ak fòs ki gide linivè. Yo kwè dye a twò gran pou kominike dirèkteman  ak moun, kidonk yo pase atravè lespri ak zansèt yo.

a) Vodou : Relijyon anpil ayisyen pratike

Vodou se youn nan relijyon tradisyonèl afriken ki te vwayaje ak esklav yo rive Ayiti. Vodou kwè nan dye ki rele Granmèt la, men li mete aksan sou sèvis lwa yo, ki se lespri ki jwe wòl entèmedyè ant limanite ak divinite a.

Relijyon sa yo mete aksan sou espirityalite kominotè, fòs natirèl yo ak enpòtans relasyon ak zansèt yo.Relijyon ak espirityalite modèn yo

4. Relijyon ak espirityalite modèn yo

Nan monn jodi a, gen anpil nouvo mouvman espirityèl ki mete aksan sou meditasyon, enèji diven, ak rechèch verite espirityèl ki depase relijyon tradisyonèl yo. Genyen ki di Bondye se tout bagay, epi tout bagay se Bondye (panenteyis). Genyen ki kwè vrè espirityalite a se konpreyansyon tèt ou ak linivè a.

Tout relijyon kwè yo genyen verite sou Bondye. Gen kèk ki kwè nan yon sèl dye (monoteyis), gen lòt ki kwè nan plizyè dye (politeyis). Men tout moun lib pou yo pratike relijyon yo vle. Se yon dwa Deklarasyon inivèsèl dwa moun ak Konstitisyon peyi d Ayiti a konsakre.

Holson Montina

Description de l'image