Manman cheri, jodi a se fèt ou. Lakay pa bon se vre, men nou la toujou.
Pitit ou ta vle fè bèl ak ou pou kè ou kontan. Men mawoka manje peyi nou. Vye bèt tchaktchak tout rèv nou. Sa fè lontan lavi pran konje nan kanton an. Nou fin tounen zo mangay nan chache solèy pou chofe lespwa. Men nou la toujou.
Ti zwazo pa chante ankò. Pa gen pyebwa pou yo poze. Nou bliye koulè lanmè, tèlman lespri nou bade mazenflen. Yo entèdi nou reve, yo anpeche nou mache. Rèv nou pachiman sou dife pay mayi. Men nou la pi rèd.
Nou la manman cheri, gras a ou. Paske ou se manman lavi, manman kouraj, manman rezistans, manman mare senti, manman konba, manman lespwa, nou p ap bat ba.
Manman ayisyèn, manman kreyòl, manman solèy ki klere egzistans nou, manman pwofesè, manman enfimyè, manman doktè, manman menajè, manman enjenyè, manman jounalis, manman ze bouyi fig mi, manman klowòs twa pou senk dola, manman tout manman, manman djanm, manman lavi, manman lanmou, se ou ki bwa dèyè bannann egzistans nou.
Kisa nou ta ye si se pa te ou menm? Kijan nou t ap fè anba pataswèl lavi ki pa sispann fè nou fè palavire? Se ou menm ki ban nou fòs pou nou reziste.
Jodi a, nou vle pran ti tan pou nou di ou jan nou renmen ou manman cheri. Malgre jan sa ye, ou mèt fè kè ou kontan. Pran tan pou ou souri, chante, danse, ponpe paske ou gen twòp rezon pou fyè.
Manman cheri, nou fyè de ou, nou renmen ou anpil. Nou renmen ou jodi a ak pou toutan. Nou pwomèt pou nou toujou fè kè ou kontan.
Bòn fèt manman cheri!
