Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé kòmanse demach pou elabore bidjè rektifye 2024 – 2025 la nan objektif pou pote repons pou pwoblèm ijan peyi a ap konfwonte ak pou respekte angajman li yo devan nasyon an.
Devan kriz plizyè dimansyon san parèy peyi a ap travèse a, Primati a fè konnen bidjè rektifye sa a se pi bon mwayen pou pèmèt yo rezoud pwoblèm ekonomik, pwoblèm sekirite ak pwoblèm sosyal k ap ravaje peyi a. Nan sans sa a, bidjè a koresponn ak gwo priyorite Premye Minis la te defini, ki se retabli sekirite, relanse ekonomi an, epi lonje lamen bay kouch ki pi frajil yo nan popilasyon an.
Konsa, senk (5) gran pwen k ap oryante aksyon gouvènman an se : sekirite piblik ak nasyonal, relans ekonomik, revizyon konstitisyon ak dyalòg nasyonal, Leta ki chita sou lalwa ak lajistis, òganizsyon eleksyon.
Primati a fè konnen bidjè rektifye sa a gen gwo anbisyon. Nan sans sa a, gouvènman an mete anpil serye, transparans ak efikasite nan travay elaborasyon an. Li fè konnen se yon bidjè ki vize retabli ekilib makwo-ekonomik yo, pote repons pou bezwen imanitè ijan yo epi poze fondman yon transfòmasyon djrab ki p ap mete pyès moun sou kote.
Nan sans sa a, yo envite ministè yo ak enstitisyon yo pou yo aliyen pwojè yo sou vizyon gouvènman an, pandan y ap pran inisyativ klè ki kapab reyalize epi ki kapab rale finansman nasyonal ak entènasyonal.
Gouvènman an mande pou tout moun mete tèt ansanm pou nou kapab pase move kap peyi a ap travèse yo. Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé souliye pou demach sa a reyisi, fòk tout sektè nan sosyete a potekole epi fòk administrasyon piblik la montre li kapab byen itilize resous ki disponib yo.

