Baselòn konsève tit li nan ligdèchanpyon feminen an

KF: FC Baselòn sou X

Samdi 25 me 2024 sa a se te final ligdèchanpyon feminen an ant ekip Olenmpik Lyonè Melchie Dumornay a ak ekip FC Baselòn nan, nan estad San Mames nan vil Bilbao an Espay.

Anje a te gwo piske Baselòn ki se chanpyon an tit t ap batay pou kenbe tit li, epi Lyon li menm ki gen pi gwo palmarès nan konpetisyon an t ap lite pou ajoute yon 9èm twofe nan repètwa li.

Apre bèl seremoni avan match, balon an ta pral santre ant 22 jwèz yo. Malgre anje a, pa te gen twòp angajman vrèman nan kòmansman match la. An reyalite medam Baselòn yo te montre yo pi danje devan kan an.

Premye mitan an ta pral fini nil 0 a 0. Nan dezyèm mitan an, se jis nan 63èm minit Baselòn ta pral louvri eskò a gras ak Altana Bonmati. Pandan medam Lyon yo t ap goumen pou jwenn egalizasyon, Alexia Putellas ta pral detwi tout espwa yo nèt lè li make 2èm gòl la pou Baselòn nan arè de je yo (90+6′).

Se konsa Baselòn ranpòte ligdèchanpyon an pou yon dezyèm fwa youn dèyè lòt. Lyon ap oblije tann ane pwochèn pou eseye genyen 9èm tit sa a.

Si fanatik ayisyen yo dezole pou lejann ayisyèn nan, Melchie Dumornay, anpil ladan yo ki fanatik Baselòn prefere kriye nan mouchwa. Yo konsole yo kòm se Baselòn, pandan y ap espere Melchie Dumornay ap retounen pi fò toujou ane pwochèn pou li ranpòte ligdèchanpyon an.

Description de l'image