Reyal Madrid korije Mannchestè Siti nan kad match baraj retou Ligdèchanpyon UEFA nan estad Santiago Bernabéu, mèkredi 19 fevriye 2025 la pou li valide tikè li pou 1/8 de final konpetisyon sa a.
Devan yon ekip sitizenn ki pa te pwopoze anyen kòm òganizasyon nan jwèt la, veritab zetwal ki t ap briye sou tèren an se atakan fransè a, Kylian Mbappé, ki make twa gòl Reyal Madrid yo (4′, 33′ 61′). Se jis nan tan adisyonèl yo Sitizenn yo efase zewo a gras ak N. González (90+2′).
Nan match ale a, Madrilèn yo te bat ekip Pep Guardiola a 3 a 2, sa ki fè eskò final la apre 2 match yo se 6 a 3 an favè mesye Carlo Ancelotti yo.
Lòt gwo lobo ki fèt jodi a nan kad match retou Ligdèchanpyon UEFA yo, se PSG ki pase Brès 7 a 0. Sa ki bay yon eskò 10 a 0 an tou pou 2 match, piske premye match la te fini 3 a 0 nan avantaj Parizyen yo.
Lòt ekip ki jwenn kalifikasyon yo pou 1/8 de final yo Feynoud, Bennfika, Bwouj, Bayèn, Dòtmonn. Pandan n ap ekri atik sa a, PSV ap jwe pwolongasyon ak Joyvenntous pou konnen kilès k ap pran dènye tikè a.
