Baraj Ligdèchanpyon : Reyal Madrid mete do Mannchestè Siti atè nan premye wonn nan

©Real Madrid C. F.

Nan kad baraj pou 1/8 de final Ligdèchanpyon UEFA a, ekip Reyal Madrid la mete do Mannchestè Siti atè nan premye wonn nan madi 11 fevriye 2025 la nan Etihad Stadium, lakay Sitizenn yo menm.

Toudabò se ekip lokal la ki te louvri eskò a nan 19èm minit gras ak atakan nòvejyen an, Erling Haaland. Madrilèn yo ta pral tann jis nan 60èm minit pou yo te egalize gras ak yon reyalizasyon atakan fransè a, Kylian Mbappé. Nan fen match la, Haaland ta pral rebay ekip Pep Guardiola a avantaj la lè li transfòme yon penalite apre yon fot sou Phil Fodden (80′), men mesye Carlo Ancelotti yo pa t ap pran tan pou yo te remete match la pat 2 – 2 gras ak Brian Díaz (86′).

Se nan tan adisyonèl yo Jude Bellingham ta pral bay Madrilèn yo genyen lè li make gòl 3 a 0 a nan 92èm minit, epi li tou bay Reyal Madrid yon bèl avantaj pou li asire kalifikasyon li pou 1/8 de final yo nan match retou a ki gen pou jwe nan Santiago Bernabéu a, lakay li.

N ap note nan lòt match jodi yo nan kad baraj yo, PSG bat Brès 3 – 0, Dòtmonn bat Espòting 3 – 0 epi Jouvenntous bat PSV 2 – 1. Baraj yo ap rapousuiv mèkredi 12 fevriye a.

Description de l'image