Nan yon kapsil videyo li pibliye sou kont X li, Bank Repiblik d Ayiti a otorize enstitisyon finansyè yo bay kliyan ki mande li yon moratwa sou prè yo.
Bank Repiblik d Ayiti a jistifye desizyon sa a akoz moman difisil peyi a ap travèse kote kriz sosyoekonomik la ap peze lou sou ekonomi an, konsa li otorize enstitisyon finansyè yo, atravè sikilè 115-5 la, bay kliyan ki mande li, kit se antrepriz oswa patikilye ki satisfè kondisyon yo, yon moratwa sou prè yo.
Moratwa sa a kòmanse depi 1e avril epi l ap bout jous 30 septanm 2024. Li pèmèt kliyan ki gen prè aktif, swa prè pou biznis, prè pou konsomasyon oswa prè pou kay, peye enterè sèlman, sa k ap pèmèt yo pran yon souf pandan peryòd sa a.
Pou yon patikilye oswa yon antrepriz jwenn moratwa sa a, fòk li respekte kondisyon sa yo :
Nan fen septanm 2023, li dwe te an règ ak enstitisyon ki ba li prè a, epi rive 31 mas 2024, kliyan an vin gen 3 mwa depi li vin nan sitiyasyon li pa ka peye prè a, oswa li gen anpil chans pou sa rive. Lè sa a, si li fè demann nan, kliyan an ka jwenn moratwa a jiska 30 sektanm 2024.
Pandan 6 mwa moratwa a, kliyan an ap peye enterè yo sèlman. Sa vle di li p ap peye kòb li te konn ranbouse sou manman lajan an pandan peryòd sa a ; epi enstitisyon finansyè ki ba li prè a pa gen dwa mande li peye okenn frè reta.
Anfen nan kapsil videyo a, BRH envite nou al vizite sit BRH la, www.brh.ht, pou plis detay sou sikilè 155-5 la.
