Bandi yo an triyonf, otorite yo ap etidye estrateji

KF: Primati

Pandan tout wikenn nan, se gwo rèl anmwe sekou popilasyon nan anpil kote nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la ap rele anba atak bandi ame. Youn nan sendika Lapolis yo, SPNH-17 poste yon mesaj sou X samdi 19 oktòb la kote li di : «Gen enfòmasyon ki ta fè kwè bandi ap prepare pou frape nan Depatman Lwès la aswè a ankò. Nou mande DG Rameau konvoke tout polisye, sitou DCPR, epi ba yo materyèl ak finansman pou ranfòse prezans lapolis 24/24. Atansyon pou pita pa pi tris.»

Efektivman, dimanch 20 oktòb 2024 sa a, imaj k ap sikile sou tout rezo sosyal yo montre bann ame yo k ap defile an triyonf andedan Solino ak gwo zam lagè kote y ap chante, danse sou yon chante byen ritme, kòm yon fason pou montre se yo ki Leta nan peyi a. Chante yo a bay anpil frison paske li fè konprann se swa ou avè yo oubyen ou peri nan dife.

Pandan tan sa a kote sitwayen yo sanble lage san sekou devan bandi san pitye ki konnen wa pa kouzen yo prezidan pa bòpè yo, Premye Minis Garry Conille, ki se an menm tan Minis Enteryè ak Kolektivite Tèritoryal, epi Chèf Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la (CSPN), li te vizite plizyè inite espesyalize Lapolis Nasyonal d Ayiti a nan Akademi Polis la sou wout Frè, ak sòlda nan Gran Katye Jeneral Fòs Lame d Ayiti pou li pote solidarite li bay fòs sa yo yo di k ap mennen operasyon nan zòn metwopolitèn nan pou pran defans popilasyon ayisyèn nan.

KF: Primati

Nan okazyon sa a, Mesye Conille te diskite ak Direktè Jeneral Lapolis la ak Wo Eta Majò Fòs Lame d Ayiti a sou nouvo estrateji pou yo ta anplwaye pou rezoud kriz sekirite a. 

Premye Minis la deklare : «Chak jou n ap vanse ak plis estrateji epi n ap pi efikas, pou nou aji ansanm pou nou reprann kontwòl espas gwoup kriminèl yo okipe yo.»

KF: Primati

Si estrateji otorite yo pou anpeche bann ame yo paweze kote yo vle jan yo vle pa ko ka mache, kanmenm chak vizit, chak reyinyon bay detwa bèl ti foto pou pibliye. Popilasyon an mèt kontinye rele toujou. Petèt nouvo estrateji yo ta resi mache.

Description de l'image