Samdi 28 desamm 2024 la, bandi nan Latibonit yo rive boule yon blennde pou Misyon miltinasyonal yo di ki vin apiye sekirite an Ayiti a yo rele MSS.
Daprè sa Lapolis Nasyonal d Ayiti ki konfime enfòmasyon sa a fè konnen, pa gen okenn viktim ni nan kan Lapolis, ni nan kan Misyon miltinasyonal la.
Lapolis presize se nan kad operasyon l ap mennen depi plizyè semèn nan zòn Savyen blennde MSS la te pran yon pàn epi li te rete kwense nan yon marekaj pandan yon patwouy nan zòn nan. Yo presize yo fè tout sa yo te kapab men yo pa te rive sove blennde a anba men bandi yo ki pike dife ladan li.
N ap souliye nan yon videyo Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) te pibliye kèk èdtan avan nouvèl blennde ki boule sa a, li te fè konnen fòs lòd yo te repranm kontwòl plizyè zòn nan depatman Latibonit.
Nan videyo sa a, PNH la te fè konnen lavi te kòmanse reprann nan zòn Lyankou, Pon Sonde, Kafou Kado, Kafou Pèy ak Kafou Gwo Chodyè.
Nouvèl blennde ki boule sa a se yon move kou pou fòs lòd yo avèk Misyon miltinasyonal yo di ki vin apiye sekirite an Ayiti a k ap eseye fè sa yo kapab pou konbat bandi ame yo ki derefize bat ba.
