Bandi ame yo ki sanble jwenn lisans pou yo kraze brize, detwi lavi san gade dèyè san pèsonn pa fè yo pè, yo pase sou Lopital Bernard Mevs lendi 16 desanm 2024 la kote yo ravaje, mete dife epi detwi Lopital referans sa a ki t ap sèvi kominote a.
Daprè sa Frantz Duval ki site yon sous andedan lopital la rapòte sou X, genyen 4 sal operasyon, laboratwa lopital la, 2 eskanè ak administrasyon lopital la ki tounen sann.

N ap siyale pi bonè nan lendi 16 desanm nan, Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) te fè yon piblikasyon sou platfòm ofisyèl li yo kote li te fè konnen Lapolis te retire plizyè barikad nan zòn vilaj Solidarite.
PNH te presize nan kad entèvansyon sa a Lapolis te mennen nan zòn vilaj Solidarite lendi 16 Desanm 2024, plizyè bandi te tonbe nan echanj kout bal ak ajan lòd yo ki te retire barikad nan plizyè zòn kote bandi t ap tante kreye panik sitou bò Lopital Bernard Mevs.
N ap siyale tou Lopital Bernard Mevs se yon lopital ki te toujou bay polisye ki blese nan operasyon swen. Men nan dat 13 novanm 2024, Sendika Nasyonal Polisye Ayisyen yo (SYNAPOHA) te poste yon mesaj kote li te mande Direksyon ak Responsab medikal Lapolis la pou pran mezi prevantif pou voye Polisye ki blese ak malad al pran swen nan lot lopital ki pi an sekirite. Paske daprè sa SYNAPOHA te deklare, Lopital Bernard Mevs depi lè sa a te twouve li nan zòn wouj kote nèg ak zam te vle antre al pran Polisye andedan li.

Malgre enpòtans sant ospitalye sa a pou popilasyon an ak pou Lapolis, epi malgre tout menas ak avètisman sa yo, fòs lòd yo pa te rive pran mezi nesesè pou te pwoteje li jiskaske bandi yo rive pase vitès siperyè sa a pou yo detwi Lopital sa a ki t ap sèvi kominote a depi yon trantèn lane.

