Bandi ame yo boule yon blennde pou Lapolis ankò

Kaptaj ekran PNH (Achiv)

Bandi ame mete dife nan yon blennde pou Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) ankò jodi mèkredi 20 mas 2025 la.

Aksyon sa a pase nan zòn Ri Capois kote bandi ame yo ap fè lapli e lebotan depi dènye jou sa yo, epi fòse tout aktivite etenn pou tout moun kouri kite Pòtoprens ba yo.

Pou kounye a, pa genyen presizyon sou sikonstans ki ta lakoz bandi yo pike dife nan blennde Lapolis la. Men sou rezo sosyal yo, moun te kapab wè imaj anjen an ki kankannen yo t ap rale.

Sitiyasyon ensekirite a vin pi grav chak jou pi plis, patikilyèman nan zòn metwopolitèn nan, kote gang ame yo ki pa montre yo gen okenn respè pou Leta deklare se reny tèrè yo ki pou domine nan peyi a.

Description de l'image