Ayiti trè byen kòmanse eliminatwa mondyal foutbòl 2026 la

Jedi 6 jen sa a se te premye match seleksyon nasyonal senyò foutbòl maskilen Ayiti a nan kad eliminatwa mondyal 2026 la ki gen pou dewoule nan 3 peyi (Etazini, Kanada, Meksik) kote ki gen anpil Ayisyen.

Pou premye match sa a, Mesye Sébastien Migné yo fè yon bèl antre lè yo pase Sent-Lisi yon bèl 2 a 1. Konsa yo ranmase premye 3 pwen sa a k ap enpòtan anpil pou rès konpetisyon an.

Se Jean-Kevin Duverné (47′) ak Duckens Nazon (77′) ki make pou Ayiti alòske Sent-Lisi te louvri eskò a depi nan 18èm minit gras ak C. Elva. Ayiti ap genyen pou li jwe dezyèm match li kont Babad 9 jen k ap vini an.

Grenadye yo kòmanse eliminatwa yo nan dezyèm tou paske gen yon premye tou ki te gentan jwe ant ekip ki gen pi move klasman nan zòn Konkakaf la. Ayiti fè pati gwoup C ki genyen ladan li tou Sent-Lisi, Kiraso, Babad ak Awouba.

Gen 6 poul 5 ekip yo chak epi se 2 premye yo k ap kalifye pou pwochen tou a kote pral genyen 3 poul 4 ekip chak ki pral fèt apati tirajosò.

Meksik, Kanada, Etazini p ap patisipe nan eliminatwa yo paske yo deja kalifye kòm peyi òganizatè.

Description de l'image