Ayiti, Tanpèt twopikal Mélissa : Alèt wouj pou depatman Sid ak Grandans

Sistèm nasyonal k ap jere ris ak dezas yo mete alèt wouj sou depatman Nip ak Grandans samdi 25 oktòb 3025 la, nan kad pasaj tanpèt twopikal Mélissa sou peyi d Ayiti.

Yo fè konnen tannpèt twopikal  Mélissa sou wout pou li tounen yon ouragan majè demen dimanch la. Nan sans sa, rispou ta gen inondasyon sanzatann, glismann teren ak deboulonnay tè, wo anpil.

Se pou sa inite idwometeyowolojik Ayiti mete depatman Sid ak Grandans sou vijilans wouj. Yon lòt bò, Sidès, Nip ak Lwès toujou sou vijilans oranj.S e poutèt sa, li mande popilasyon an, sitou sila k ap viv nan zòn malè pandye yo, pou yo rete vijilan epi suiv konsiy sa yo :

1. Rete  lakay ou si kay la solid epi si li pa nan zòn inondasyon, deboulonnnay tè ak glismann teren, oswa pre lanmè. Si w soti, w ap riske lavi w.

3. Si zòn ou rete a konn gen inondasyon, deboulonnnay tè ak glismann tè, chèche yon kote ki lwen danje pou w abrite w ak fanmi ou.

3. Pa jan m janbe dlo k ap desann ni apye, ni sou bekàn, ni sou bèt, ni nan machin,  ni sou moto.

4. Rete lwen fenèt yo epi rete kote ki pi solid anndan kay la.

5. Pa kite timoun yo dòmi atè pou dlo pa siprann yo.

6. Pa ale nan lanmè. Si w te nan lanmè, tounen lakay ou.

7. Fè solidarite ak ss ki pi fèb yo :  granmoun, moun ki gen andikap fizik ak timoun yo.

8. Mete zafè w ak papye enpòtan w yo an sekirite.

9. Toujou koute megafòn, radyo, gade televizyon, sui entènèt pou w jwenn bon jan enfòmasyon sou sa k ap pase.

Description de l'image