Ayiti : Poukisa nou pa bay vag nou fini ?

©Paj Facebook Iléus Papillon

Ayiti, petèt pito nou te bay vag nou fini ak sa. Nou an 2025, pandan n ap jofre 250èm lane depi nou te kase chenn lesklavaj, pandan n ap komemore jou nou te kreve de je solèy 17 oktòb 1806 pou nou pa te janm wè limyè, ak ki kouraj pou nou ta gade tèt nou nan glas ?

Èske se nou menm sa ki te trase wout libète pou nou te di tout moun se moun, pa gen moun ki siperyè moun, kèlkeswa koulè po nou, kèlkeswa relijyon nou, kèlkeswa kote nou soti, kèlkeswa jan nou pale ?

Ak ki figi pou nou mande tèt nou kisa ki Ayiti a menm ? Èske nou janm ka rive konprann kisa Ayisyen an ye menm ? Kote Ayiti ki dous pase yon kann kreyòl la ? Kote Ayiti yo te mèt ban m lò yo te mèt ban m dyaman mwen p ap janm kite a ?

Kote lonè ak diyite pase ? kijan fè se gang ak politisyen kòwonpi k ap banbile, k ap anpile milyon sou fatra ? Nou rive entèdi Ayisyen nan pwöp peyi li. Nou kòche lavi tou vivan jous nou reve entèdi lang kreyòl an Ayiti.

Si Ayiti se pil tè ak lanmè sèlman, si Ayiti se pa yon rèv, se pa yon ideyal, si Ayiti pa te janm gen yon Jeneral yo te rele Dessalines, pito nou ta bay vag nou fini ak sa. Lè sa a, kèlkeswa kote yon moun ki gen foli esklav ta di nou : «Le créole est formellement interdit», nou pa t ap jennen pou nou reponn li : «Petite clé monte, petite clé descend, le vagin de votre maman ! »

Description de l'image