Ayiti : plizyè depatman anba ris inondasyon

Ministè kominikasyon nan peyi d Ayiti anonse move tan ki sòti nan peyi Kiba a ap rapousuiv. Sa vle di rafal van, kout loray ak lapli ak kontinye tonbe sou plizyè rejyon an Ayiti.

Pou aprè midi a ak aswè a, se depatman Grandans, Nip, Sid, Sidès, Nò, Nòdès, Lwès, Latibonit ak Sant ki sible.

Ministè a fè konnen tou depatman Grandans, Nip ak Sid, anba menas inondasyon sanzatann pandan jounen an.

Se poutèt sa, direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil mande popilasyon ki rete nan zòn ki konn inonde yo pou yo pran anpil prekosyon epi suiv konsiy otorite yo.

Description de l'image