Ayiti kraze Azèbadjan nan okazyon 100 an egzistans Seleksyon Ayisyèn Foutbòl la

Seleksyon Nasyonal Foutbòl Maskilen Ayiti a kraze Azèbadjan nan kad match zanmitay samdi 22 mas 2025 la nan estad Mehdi Huseynzade nan vil Bakou, nan peyi Adzèbadjan.

Viktwa sa a grenadye yo ranpòte a genyen yon bon gou selebresyon paske 22 mas 2025 la fè Seleksyon Nasyonal Foutbòl Maskilen an 100 lane depi l ap woule balon.

Se te 22 mas 2025 Seleksyon Nasyonal Foutbòl Maskilen an te diskite premye match li kont Jamayik nan Pak Leconte nan Pòtoprens, match li te pèdi 2 a 1 devan anviwon 10 000 asistan.

Samdi 22 mas 2025 sa a, Seleksyon an byen fete, menm si se lwen piblik ayisyen an, lè li kraze Azèbadjan 3 – 0, nan fenèt FIFA a, gras ak F. Pierrot (9′, 63′) epi D. J. Jacques (83′).

N ap raple pandan 100 lane egzistans Seleksyon Nasyonal Foutbòl Maskilen Ayisyen an, li deja patisipe nan yon faz final koupdimonn FIFA, an 1974, yon faz final Kopa Amerika, an 2016, kenz faz final Chanpyona KONKAKAF (Gold Cup) li te ranpòte an 1973. Li ranpòte Koup Karayib Nasyon yo tou 2 fwa, 1979 ak 2007.

Malgre sitiyasyon ensekirite jeneralize k ap ravaje peyi d Ayiti lajounen jodi, foutbòl la rete vivan. Grenadye yo pa janm sispann woule balon pou mete lajwa nan kè pèp ayisyen an.

Fyète Kreyòl Enfo wete chapo li pou salye Seleksyon Nasyonal Foutbòl Maskilen Ayisyen an pandan li swete li anpil anpil siksè nan tout konpetisyon ki devan li, espesyalman Gold Cup 2025 la ak elininatwa Mondyal 2026 la.

Description de l'image