Ayiti krabinen Sen Maten pou li kalifye pou koup dò epi remonte nan Lig A

Seleksyon nasyonal foutbòl maskilen an fè de kabès jodi vandredi 15 novanm 2024 la nan kad 5èm jounen Lig B Lig Nasyon Karayib yo. Se prita ekip ayisyèn nan prita Sen Maten ki pa fè pwa menm menm. Avèk yon eskò 8 a 0, Ayiti tou dekwoche kalifikasyon li pou Koup dò 2025 la epi li tou remonte nan Lig A Lig Nasyon Karayib yo.

Moun ki patisipe nan savonnad sa a Mesye Sébastien Migné yo pase Sen Maten an se : Frantzdy Pierrot (3 gòl),  Duckens Nazon (2 gòl) epi Christopher Attys, Markhus Duke Lacroix ak Mondy Prunier, ki make yon gòl yo chak.

Ayiti te parèt twò fò pou gwoup sa a. Jiska prezan li genyen tout match li yo, sa ki ba li yon total 15 pwen sou 15 epi li make 26 gòl nan 5 match, sa ki bay yon mwayèn plis pase 5 gòl pa match.

Ayiti gen pou li jwe dènye match li kont Pòtoriko lendi 18 novanm k ap vini an nan kad kanpay Lig Nasyon sa a. Annatandan, objektif yo deja atenn. Grenadye yo kapab abòde match sa a tèt frèt.

Description de l'image