Ayiti kalifye pou Mondyal foutbòl U-17 apre viktwa li kont Guatemala

Ekip ayisyèn foutbòl maskilen U-17 la dekwoche kalifikasyon li pou Mondyal FIFA k ap dewoule nan peyi Kata nan dat 10 novanm pou 2 desanm 2025, apre viktwa li 2 – 0 kont Guatemala jodi dimanch 16 fevriye 2025 la.

Nan kad elininatwa sa yo, ekip ayisyèn nan anrejistre 3 viktwa sou 3 epi yo make 10 gòl san yo pa pran youn. Toudabò yo te bat Sen Vensan ak Grenadin 5 – 0, apre sa yo te pase Anntigwa ak Babouda 3 – 0, avan yo te al wonfle Gwatemala devan piblik li 2 – 0 pou yo pran tikè k ap mennen yo nan Mondyal U-17 la pou yon twazyèm fwa nan istwa yo.

Felisitasyon pou seleksyon nasyonal foutbòl U-17 la ak tout estaf teknik la pou bèl pèfòmans sa a. Randevou nan peyi Kata pou mwa novanm 2025.

Description de l'image