Ayiti ensekirite : yon misyon miltinasyonal gwo van san lapli

Yon gwoup 200 polisye peyi Kenya debake nan Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture jedi 6 fevriye 2025 la, nan kad Misyon miltinasyonal yo di ki vin apiye sekirite an Ayiti a, sa ki pote efektif polisye kenyan yo a 800 kounye a.

Jan sa abitye fèt chak fwa gen nouvo gwoup ki debake nan kad misyon sa a, tout pi gwo otorite Leta yo, Prezidan Konsèy Tranzisyon an, Premye Minis la, Direktè Jeneral Lapolis Nasyonal d Ayiti ak manm wo kòmandman an, gwo diplomat peyi etranje, yo te rann yo nan ayewopò a pou yon seremoni akèy, fè bèl diskou ak kèk bèl pòz foto.

Malerezman, depi premye gwoup polisye etranje yo te debake nan peyi a an jen 2024, sitiyasyon ensekirite a vin pi grav chak jou ki pase. Lespwa ki te boujonnen kòmkwa misyon miltinasyonal la ta pral pèmèt popilasyon an rale yon souf anba gang ame yo file kou lafimen. Okontrè gang yo vin pi puisan, yo okipe plis tèritwa chak jou ki pase, yo fè masak sou popilasyon an vire tounen, yo boule lopital jan yo vle.

Apre bèl seremoni akèy, bèl diskou, bèl foto, gwo van fòs miltinasyonal la, gang yo sanble mare lapli a pou li pa tonbe pou wouze lespwa popilasyon an pou li jwenn sekirite.

Kilè popilasyon an ap kapab sikile nan kapital la jan li vle ? Kilè l ap kapab frekante woud sid la ? Kilè l ap kapab virewon nan tout peyi a pou al regle zafè li ? Misyon miltinasyonal la sanble pa kapab reponn kesyon sa a.

Ayiti pa kapab bay tèt li sekirite, osinon se pa priyorite dirijan yo. Paandan tan sa a, vwazen li yo vire do ba li, yo lage li si kont Kenya ki pa gen okenn enterè jewopolitik nan kriz san parèy l ap travèse a. Plizyè fwa dirijan ilejitim Ayiti yo repete se nan lagè nou ye ? Ki enterè yon peyi etranje, ki jis an Afrik genyen pou li ta vin fè lagè an Ayiti ?

Lòt bagay, si Kenya te kapab mete lapè nan peyi ki gen pwoblèm, pou kantite peyi ki gen konfli ame an Afrik, kit se an Somali, an Repiblik Demokratik Kongo, an Ejip, nan Soudan di Sid, eks, poukisa li pa ta al mete lòd nan pwòp kontinan pa li a pito?

Ayiti se yon peyi ki te dwe gran. Se sa Dessalines te vle. Men depi yo fin ansasinen papa nasyon an, dirijan yo pa janm sispann mete ajenou devan etranje ki yo menm pa sispann pase pèp kouraj sa a nan rizib.

Malgre bèl seremoni akèy, bèl foto, bèl diskou, misyon miltinasyonal yo di ki vin apiye sekirite an Ayiti Kenya ap dirije a rete yon gwo van san lapli, jiskaprezan antouka.

Description de l'image