Ayiti eli nan Komite Entègouvènmantal pou Pwoteksyon Eritaj Kiltirèl Imateryèl nan UNESCO

Nan yon komikike ki pibliye 11 jen 2024 la, Delegasyon pèmanan Ayiti nan UNESCO fè konnen se ak anpil fyète l ap anonse eleksyon Ayiti nan Komite Entègouvènmantal pou Pwoteksyon Eritaj Kiltirèl Imateryèl.

Kominike a presize eleksyon istorik sa a te fèt pandan dizyèm sesyon Asanble Jeneral Eta Pati Konvansyon 2003 pou Pwoteksyon Eritaj Kiltirèl Imateryèl ki te fèt nan Pari nan dat 11 jen 2004.

Delegasyon pèmanan Ayiti a fè konprann Komite Entègouvènmantal la gen yon wòl esansyèl  pou ankouraje objektif Konvansyon an epi bay rekòmandasyon sou pi bon pratik pwoteksyon. Misyon prensipal li se evalye demann pou anrejistreman sou lis Eritaj Kiltirèl Imateryèl, pwopoze pwogram oswa pwojè pwoteksyon, bay asistans entènasyonal, epi prepare aplikasyon Konvansyon an atravè direktiv operasyonèl ak yon plan pou byen itilize resous finansman yo.

Toujou daprè kominike a, se Eta Pati yo ki chwazi Mann komisyon yo nan respè repatisyon jewografik ekitab ak wotasyon. Manda yo dire 4 lane, ak yon renouvèlman chak 2 zan pou mwatye manm yo. Yo pa ka re-eli pou 2 manda youn dèyè lòt.

Komikike a souliye eleksyon Ayiti nan Komite a se yon rekonesans pou ekspè ayisyen ki anndan Komisyon nasyonal ayisyen pou koperasyon ak UNESCO ak nan Delegasyon pèmanan an. Epi tou, eleksyon sa a bay Ayiti yon gwo opòtinite pou jwe yon wòl enfliyan nan pwomosyon ak pwoteksyon eritaj kiltirèl imateryèl nan nivo mondyal.

Pou fini, Delegasyon pèmanan Ayiti a nan UNESCO fè konnen li kontan pou opòtinite sa a epi li angaje li pou li fè pwomosyon valè ak objektif Konvansyon an avèk detèminasyon.

Description de l'image