Avyon rekòmanse vole nan ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture

Fyète Kreyòl Enfo Tag
Kredi foto: Sunrise Airways

Bòn nouvèl pou tout moun ki bezwen vwayaje. Vòl komèsyal yo kòmanse reprann nan ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture depi kömansman semèn nan.

Konpayi etranje yo pa ko deside retounen bay sèvis men Sunrise Airways ki se yon konpayi lokal reprann tout vòl li yo k ap soti oswa k ap vini nan ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture a. Sunrise Airways te fè premye vòl li lendi 20 me a soti Pòtoprens pou ale Mayami. Li presize vòl li yo ap fèt lendi, mèkredi ak samdi pou kounye a.

Konpayi ki base Etazini yo yo menm toujou pa ko gen dat klè kilè y ap remòmanse vole. American Airlines fè konnen vòl li yo toujou rete bloke omwens jiska 29 me akoz latwoublay ki genyen nan kapital la.

Kanta pou lòt konpayi tankou Air Transat, Air Caraïbes, pa genyen okenn nouvèl pou konnen kilè y ap reprann sèvis. Annatandan, moun ki bezwen ale an Ewòp, Kanada, osinon ki bloke deyò ki bezwen rantre, tout ap tann.

Depi premye semèn mwa mas, avyon sivil pa te vole nan ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture a apre atak gang ame yo ki te fin dechennen kont tout enfrastrikti piblik tankou prive te fè sou ayewopò a. Anpil peyi etranje te transpòte resòtisan yo nan elikoptè ale Sendomeng. Ayisyen menm ki te bezwen vwayaje te oblije riske ale Okap, malrge menas gang yo sou tout wout la, pou yo te kapab ale Etazini nan Sunrise Airways ki te asire vòl Okap – Mayami.

Nan dènye moman yo, menm lè avyon sivil pa te vole nan ayewopò a, anpil gwo avyon militè t ap fè lanavèt pou debake materyèl pou prepare entèvansyon militè etranje sou tè Papa Dessalines nan.

Description de l'image