Atak kidnapin nan Dèlma 65, yon chofè wonm Barbancourt pèdi lavi li

© Rhum Barbancourt

Yon chofè wonm Barbancourt rive pèdi lavi li apre yon atak kidnapin nan Dèlma 65 madi 4 novanm 2025 la.

Wonm Barbancourt (Société du Rhum Barbancourt S.A.) fè konnen se yon gwoup bandi ame jous nan dan ki te atake yon machin konpayi a pou yo te eseye kidnape moun ki te ladan li yo.

Pandan atak la, daprè presizyon konpayi a, yon chofè te rive pran bal. Malgre yo te gentan mennen li lopital nan Dèlma 33, malerezman li ta pral rann dènye souf li lopital la. Wonm Barbancourt tou pwofite denonse sitiyasyon sistèm sante peyi a kote pa gen enfrastrikti modèn, bon jan ekipman ak resous ki pou ta pèmèt yo sove lavi yon moun lè gen ijans.

Pandan’li presize bandi yo pati avèk machin konpayi a ki gen plak AA-67103, Wonm Barbancourt fè konnen atak ak zak kriminèl y ap fè kont li yo repete anpil fwa. Li site omwens 5 ka soti 2021 rive 2025 kote konpayi a te viktim anpil kidnapin, atak bandi ame ak ensandi kriminèl.

Wonm Barbancourt mande pou tout moun mobilize ansanm pou retabli sekirite nan peyi a pou lavi ekonomik ak sosyal kapab dewoule nan kè poze.

Wonm Barbancourt prezante kondoleyans li bay fanmi ansanm ak tout pwòch anplwaye yo a ki viktim nan pandan yo bay garanti Fondasyon yo ap pran responsabilite pitit ak madanm anplwaye viktim nan.

Description de l'image
Kite yon kòmantè