Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) fè konnen, lendi 27 janvye 2025 la, plizyè inite espesyalize PNH la deplwaye nan komin Kenskòf epi y ap mennen operasyon gason pa kanpe pou mache pran bandi yo k ap eseye simen latwoublay nan popilasyon an.
Inite sa yo pote lamenfòt bay Komisarya Kenskòf la pou mete bandi ame yo nan wòl yo epi ranfòse prezans Lapolis nan komin nan.
Lapolis fè konnen tou Direktè Jeneral Lapolis la, Mesye Rameau Normil, sou plas nan Kenskòf avèk plizyè lòd gwo zèpòlèt nan PNH la kote li bay tout Responsab ki enplike nan operasyon yo lòd fòmèl pou yo mache pran bandi yo k ap eseye teworize popilasyon an.

Nan kad operasyon sa yo k ap kontinye, Lapolis fè konnen li sezi zam ak radyo komimikasyon, epi gen plizyè bandi ki tonbe nan tire kout bal ak fòs lòd yo.

N ap raple byen bonè maten lendi 27 jamvye 2025 la, SOS t ap lanse pou komin Kenskòf ki t ap sibi atak bandi ak zam yo ki sanble fè sèman pou yo pa kite popilasyon ayisyèn nan viv nan lapè.
