Yon atak ak zam rive pwodui nan Legliz Pèpetyèl Sekou nan Dèlma 75 jodi dimanch 5 janvye 2025 la kote moun yo pa rive idantifye louvri kout zam sou moun ki te vin legliz la nan 1e dimanch nan ane a.
Daprè sa AmeriqueInfo7 medya an liy rapòte, gen manm akèy Legliz la ki mouri sou plas epi mès 7 è a tou kraze. Yon lòt kote gen lòt moun ki fèmen andedan legliz la k ap tann yo vin pote yo sekou, toujou daprè medya an liy la
Bò kote pa li, jounalis Wendell Théodore poste sou X genyen yon bizismann yon karantèn lane yo egzekite pa twò lwen Legliz Pèpetyèl Sekou a nan Dèlma 75 maten dimanch 5 janvye 2025 la. Jounalis la fè konnen se 3 nèg ame ki t ap tann bizismann nan ki louvri kout zam sou li. Li fè konnen tou li pa revele idantite viktim nan paske fanmi li pa ko okouran sa ki rive a.
Pou kounye a, nou pa konnen si se menm moun ki egzekite bizismann nan ki ta louvri kout zam sou fidèl Legliz yo tou daprè enfòmasyon AmeriqueInfo7 rapòte a.
