Arestasyon yon polisye CAT TEAM pou trafik minisyon ak asosyasyon malfèktè

Polisye CAT TEAM Jean Renel Pierre

Nan yon konferans pou laprès jedi 31 oktòb 2024 la, Komisè Divizyonè Michel-Ange Louis Jeune ki se Pòtpawòl Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) prezante diferan operasyon Lapolis la mennen kote li fè diferan arestasyon epi sezi zam ak minisyon.

Toudabò, Lapolis nan Petyonvil fè yon sennay kote yo arete polisye Jean Renel Pierre, 21èm pwomosyon, ki afekte nan Inite Sekirite Prezidansyèl CAT TEAM yo akize ki enplike nan trafik minisyon ak asosyasyon malfèktè.

Komisè Divizyonè Louis Jeune esplike se mèkredi 30 oktòb la Lapolis nan Petyonvil te enfòme te gen yon sèten Muller ki se manm gwoup Krache dife ki te nan yon bank nan ri Louverture nan Petyonvil. Tousuit Lapolis te mete li an bran l epi mete kontwòl sou machin Muller te sou li a. Polisye yo te rete an chat pent nan anviwònman bank la ap bay kontwòl jiskaske yon moun ki te pote inifòm CAT TEAM te pwoche bò machin nan vè 4 è 22 mn. Yo arete moun nan ki te idantifye li kòm Jean Renel Pierre, yon polisye CAT TEAM, epi mennen li nan Komisarya Petyonvil la.

Lè yo fouye machin nan yo jwenn 235 000 goud, 3 telefòn pòtab, yon pistolè 9 mm, 18 katouch 9 mm, yon chajè, 2 695 katouch diferan kalib ki pa gen anyen pou wè ak zam sèvis polisye a, yon kouto taktik, 2 etui, 2 jilè fosforesan.

Komisè Divizyonè Michel-Ange Louis Jeune pale tou de 2 moun yo te arete depi 20 jen ki se Désius ak Lucien Thomas pou trafik zam ak asosyasyon malfèktè. 2 moun sa yo deja devan otorite lajistis yo men nan menm afè sa a Lapolis te vin arete an apre Josué Henri nan Klèsin nan dat 5 septanm 2024.

Marc Donald Louis

Finalman Pòtpawòl Lapolis la fè konnen yo arete Marc Donald Louis ki te an posesyon zam ak minisyon toujou nan kad diferan operasyon Lapolis Nasyonal d Ayiti yo.

Description de l'image