Arestasyon Magalie Habitant, ansyèn Direktris SNGRS la

Daprè sa plizyè medya rapòte, Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) arete Magalie Habitant, ansyèn Direktris SNGRS la, jodi jedi 9 janvye 2025 la nan Tomasen.

Pou kounye a, Madam Habitant yo arete ak tout chofè li ap reponn kesyon anketè DCPJ yo, men yo pa konnen sou baz ki akizasyon yo arete ansyèn Direktris SNGRS la.

Magalie Habitant se yon aktivis politik yo konnen anpil nan milye politik ayisyen an. Li prezante tèt li kòm fam dafè, nasyonalis ki vle toujou travay nan enterè pèp ayisyen an.

Description de l'image