Jij enstriksyon Loubens Elysée pase lòd pou arete Jemley Marc Jean-Baptiste, ansyen Direktè Jeneral Ofis Asirans Vyeyès (ONA), vandredi 7 fevriye 2025 la apre li te tande li nan kad akizasyon abi fonksyon nan plizyè dosye kòripsyon li genyen sou do li.
Pami dosye k ap peze sou do ansyen Direktè Jeneral la, genyen yon rapò ankèt UlCC te pibliye nan dat 3 septanm 2024 kote li te mande pou lajistis pousuiv Jemley Marc Jean-Baptiste paske li te dekese dèyè do tout règ ak prensip administrasyon plis pase 22 milyon goud pou li te reponn yon senp demann ansyen Minis Afè Sosyal ak Travay, Pierre Ricot Odney.
Nan menm rapò sa a tou, ULCC te mande pousuiv ansyen Minis Afè Sosyal ak Travay la tou.
