Arestasyon Direktè Jeneral Kès Asistans Sosyal la

Daprè sa plizyè medya rapòte, ajan Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) arete Elionor Devallon, Direktè Kès Asistans Sosyal la (CAS) nan nivo Pon Moren jou jedi 30 janvye 2025 la.

Lapolis pa ko presize motif arestasyon sa a. Sepandan gen kèk medya ki lye li ak arestasyon Magalie Habitant, kòmkwa Direktè CAS la ta nan konsimanda ak gang ame k ap simen latwoublay nan peyi a.

Mesye Elionor Devallon te enstale kòm Direktè Kès Asistans Sosyal nan mwa out 2024, apre li te fin pase 8 lane kòm Direktè adjwen enstitisyon sa a.

Description de l'image