Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) konfime arestasyon ansyen depite Kenskòf la, Alfredo Antoine, atravè Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ), nan Mòn Kalvè nan Petyonvil, vandredi 4 avril 2025 la.
Ansyen depite a Lapolis t ap chèche kou chen fou depi 18 fevriye 2025 poutèt akizasyon konplo kont sekirite enteryè peyi a, finansman òganizasyon kriminèl, konplisite ansasinay, epi asosyasyon malfèktè, sanble te mete li nan pozisyon pou sizoka pa ka pou gwo manman te jwenn ak zepina.
Egzakteman, Lapolis fè konnen nan kad operasyon ki debouche sou arestasyon ansyen fèzè lwa a, fòs lòd yo sezi 3 zam, pami yo 2 fizi, plizyè minisyon, 9 telefòn ak yon radyo kominikasyon.

N ap souliye nan avi rechèch PNH te mete deyò kont ansyen depite Alfredo Antoine nan dat 18 fevriye a, yo te presize li gen zam epi li pa jwe.
