Apre Ponsonde, Akayè ?

Apre atak kriminèl san parèy bandi ak zam nan Savyen yo fè sou popilasyon Ponsonde a, jedi 3 oktòb pase, kote yo touye pou piti 109 moun, daprè dènye chif k ap sikile, san konte plizyè dizèn lòt ki blese, sanble se tou pa komin Akayè ki anba atak yon lòt gang ame, gang Kanaran, bonè maten jedi 10 oktòb 2024 la.

Depi byen bonè sou tout rezo sosyal yo, se anmwe sekou moun Akayè ap rele paske yo anba atak gang Kanaran ki ta deja pike dife nan plizyè kay epi pran kontwòl plizyè lokalite nan komin sa a. Nan emisyon nouvèl nan maten yo, patikilyèman, radyo Caraïbes FM, ki te louvri mikwo li, nan emisyon nouvèl Gran Boulva a, pou sitwayen yo te kapab rele esplike sa k ap pase, anpil sitwayen t ap esplike tribilasyon popilasyon komin nan kote kout zam pa te sispann chante.

Malgre popilasyon an t ap rele sekou bay otorite peyi yo pou evite menm sa ki fèk sot pase Ponsonde a pa repete nan Akayè, okenn siy pa sanble montre kri detrès popilasyon sa a ki san sekou te ko rive nan zòrèy otorite sa yo.

Dènye atak an règ sa yo bandi ame yo fè sou popilasyon an montre aklè bandi sa yo pa rekonèt gen otorite nan peyi a. Yo konnen yo kapab fè sa yo vle, jan yo vle, lè yo deside, san krent y ap jwenn yon fòs pou kanpe anfas yo. Pandan tan sa a, otorite yo menm kontinye fè bèl diskou pale fransè tilititi, fè bèl pwomès vid, men popilasyon an rete san sekou devan puisans gang ame yo ki montre sa yo kapab fè lè yo dechennen vag vyolans kriminèl epi lach yo sou popilasyon an ki san defans.

N ap siyale tou depi kòmansman semèn nan, genyen anpil alèt veye anwo veye anba sou komin Leogàn ki ta sou gwo menas pou bandi yo ta fè yon poteboure sou li tou.

Description de l'image