Ant Espay ak Ajantin, Thiago Messi fè chwa li

KF: Pinterest

Premye pitit gason Lionel Messi a, Thiago Messi fèt an Espay a Baselòn kote papa li t ap jwe, men tou akoz paran li ki se Ajanten, li kapab chwazi pote koulè swa Roja a, swa Albiceleste a. Men sanble Thiago deja fè chwa kè li gide li e li p ap chanje lide.

Thiago di Mundo Deportivo : «Lè m ap jwe mwen pi nève pase lè m ap gade papa m. Mwen pa santi m fè byen ak pye goch mwen. Mwen vle jwe pou Ajantin e mwen pa wè kijan Espay ta kapab konvenk mwen.»

Lè li gade sa papa li fè nan seleksyon ajantin nan, Thiago sanble anvi al pran larelèv pou pi gwo plezi fanatik ble e blan yo.

Yon lòt kote lè yo mande li ak ki jwè Baselòn li ta renmen jwe, Thiago di se avèk Lamine Yamal. Tout sa kapab posib paske si Thiago gen 11 an, Yamal genyen sèlman 16 an li menm.

Description de l'image