Jedi 30 me 2024, jiri a deklare ansyen Prezidan Donald Trump koupab pou tout 34 chaj yo te retni kont li yo nan pwosè Nouyòk la.
Depi 15 avril, ansyen Prezidan an t ap jije devan tribinal penal nan Nouyòk pou yon pèman 130.000 dola ansyen avoka li, Michael Cohen, te peye yon aktris fim pou granmoun, Stormy Daniels, pou li te zipe bouch li sou yon relasyon fanm ak gason li di li te genyen ak Mesye Trump an 2006.
Pèman an te fèt kèk jou avan eleksyon prezidansyèl 2016 yo pou sa pa te deranje kanpay Mesye Trump. Apre li te fin eli, ansyen Prezidan an te ranbouse Michael Cohen lajan an.
Lajistis nan Nouyòk te akize ansyen Prezidan an kòmsi li te nan fè zewo tounen nèf nan dokiman kontab antrepriz li pou li te ka maske pèman sa a.
Se jodi a jiri a fini deliberasyon li epi li deklare ansyen Prezidan an koupab tout sa yo te akize li yo.
Desizyon sa a p ap anpeche ansyen Prezidan Donald Trump kontinye kanpay li kòm kandida pou Mezon Blanch yon lòt fwa pou eleksyon k ap fèt nan novanm k ap vini an.
Mesye Trump ki te toujou prezante tèt li kòm inosan deklare se yon pwosè bakle, yon wont.
Alving Bragg, pwokirè Mannatann nan ki te enstwi dosye a deklare : « Se vwa jiri a ase ki konte, e jiri a pale.»
Se 11 jiyè jij Juan Merchan ki te dirije pwosè a ap pwononse santans la. Teyorikman, ansyen Prezidan an riske kondane pou 4 an prizon fèm, avèk yon amann petèt. Men jij la kapab tou deside pa voye li nan prizon. Li kapab menm pwononse yon pèn travay enterè jeneral.
