Ansyen Premye Minis Ayisyen Rosny Smart desede mèkredi 15 janvye 2025 la. Li te Premye Minis sou Prezidan René Préval soti 27 fevriye 1996 rive 20 oktòb 1997.
Mesye Rosny Smart te fèt nan dat 29 oktòb 1940 nan komin Kavayon nan depatman Sid peyi a. Li mouri nan laj 84 an, apre li sanble t ap soufri ak maladi.
Nan okazyon sa a, Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé rann Mesye Rosny Smart yon omaj, pandan li fè konnen se ak anpil tristès ak anpil emosyon li aprann nouvèl lanmò Mesye Smart li rekonèt kòm yon potomitan nan lavi politik ak entelektyèl peyi a.
Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé rekonèt Mesye Rosny Smart pa te sèlman yon gran politisyen, men tou se te yon moun ki te gen kè sansib, ki te konn marye severite ak konpasyon pandan li te angaje li ak detèminasyon pou yon pi bon lavi ak pwogrè nan sosyete nou an. Li fè konnen li kite tras li nan Primati a k ap kontinye klere wout pou lòt jenerasyon yo.
Nan moman doulè sa a, Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé ansanm ak tout gouvènman an prezante senpati yo bay fanmi Mesye Rosny Smart, bay tout pwòch li yo ak tout moun ki nan lapenn pou kalite potorik gason sa a ki ale a.
Se pou nanm li repoze an pè !
