Anpil gòl nan senkyèm jou Ewo 2024 la

Fyète Kreyòl Enfo Tag
KF: UEFA Euro 2024 sou X

Madi 18 jen 2018 sa a se te senkyèm jou konpetisyon nan kad Koup d Ewòp Nasyon yo k ap dewoule nan peyi Almay. Pou jounen sa a, se 2 match ki te genyen avèk dènye gwoup la, gwoup F, ki ta pral rantre an sèn, men fanatik foutbòl yo te gen posibilite wè anpil bèl gòl.

Nan premye match la ki t ap fèt a midi ant Tiki ak Jòji, se krabinen Tiki krabinen Jòji lè li pase li 3 gòl a 1. Toudabò Tiki te louvri eskò a nan 25èm minit gras ak M. Müldür men Jòji ta pral jwenn egalizasyon li avèk G. Mikaudadze nan 32èm minit. Tiki ta pral make 2 a 1 nan 65èm minit gras ak A. Güler. Alòske Jòji t ap batay pou jwenn 2 a 2 nan fen match la, gadyen an te desanm sou yon konè, se konsa li pa te gentan retounen sou yon kontratak Tiki te demare tankou yon zèklè pou yo t al enskri 3èm gòl yo nan 97èm minit gras ak M. Aktürkoglu pou yo ranpòte viktwa a 3 – 1.

Nan dezyèm match pou jounen an ant Pòtigal ak Repiblik Tchèk, anpil fanatik ayisyen t ap tann ansyen atakan vedèt Reyal Madrid, Jouvenntous ak Mannchestè Younayted la, Cristiano Ronaldo ki, malgre li gen 39 an, montre li gen boul nan pye li toujou. Si CR7 pa te make jodi a, sa pa te anpeche Pòtigal bat Repiblik Tchèk 2 – 1.

Nan yon match Pòtigal te domine nan tout kò li, se Tchèk yo sepandan ki ta pral louvri eskò a nan 62èm minit gras ak L. Provod. Sa w tande a, Pòtigal te di se derespektan sa epi li te woule balon jiskaske li te fòse R. Hranáč make kont kan li nan 65èm minit pou yo te jwenn egalizasyon an. Epi yo te kontinye woule balon. Men, alòske Diogo Jota te panse li te fè 2 – 1 an nan 86èm minit, VAR a te elimine gòl la paske Ronaldo te nan yon pozisyon òje. Se pa te grav pase sa piske nan 92èm minit, F. Conceição ta pral make gòl viktwa a pou pèmèt Pòtigal kale 2 – 1.

Sitiyasyon an nan gwoup F la apre jodi a : Tiki ak Pòtigal nan tèt avèk 3 pwen sou 3 yo chak epi Jòji ak Repiblik Tchèk gen 0 pwen sou 3.

Demen gwoup A ak B ap retounen sou sèn nan avèk 3 match nan pwogram nan.

Kwowasi – Albani a 9 è AM

Almay – Ongri a midi

Ekòs – Lasuis a 3 zè PM

Description de l'image