Ane 2024 ap rete grave nan memwa pèp ayisyen an, pou kantite tribilasyon li pase anba ensekirite tèt chaje ki fè li viv eksperyans li pa te janm konnen avan nan istwa li.
Gang ame yo mache okipe diferan katye nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la youn apre lòt. Leta li menm vin ap pèdi kontwòl tèritwa nasyonal la chak jou pi plis. Apati janvye 2024, sitiyasyon an te vin pi grav toujou.
Nan kòmansman ane 2024 la, tout peyi a te sou brenzeng li ak koze ki te fè kwè 7 fevriye se ta pral dènye chans Premye Minis epòk la, Ariel Henry, pou li te kenbe pouvwa a, tèlman tout moun te konstate li te montre li enkapab. Van ta pral bwote pawòl sa a lage nan zòrèy ansyen senatè Guy Philippe ki te libere nan prizon Etazini nan dat 30 novanm 2023. Se konsa Guy Philippe ta pral jwenn sipò yon gwoup Brigad Siveyans Zòn Pwoteje yo (BSAP), epi nan tèt yo li ta pral montre li detèmine pou chavire gouvènman Ariel Henry a pou li te mete pwòp gouvènman pa li.
Lè 7 fevriye a rive, pou li eseye asire chita li sou pouvwa a, Ariel Henry mobilize plizyè inite PNH la pou fè fas kare ak manifestasyom yo ki te genyen kòm chèf kolonn Guy Philippe, Moïse Jean-Charles ak Claude Joseph. Men te gen ti dife vole nan mitan opozisyon an tou. Yon akò ki te genyen an Moïse Jean-Charles ak Guy Philippe pou ranplase Ariel Henry te rive bwè lwil trapde. Akò siyen pou en, akò kraze pou de. Epi gang ame yo memm, nan bouch pòtpawòl yo, te deklare y ap sipòte Guy Philippe yo te konsidere kòm vrè lidè onèt yo te ka fè konfyans pou ranplase Ariel Henry.
Nan dat 25 fevriye, yon nòt ofisyèl te anonse Ariel Henry te pati kite peyi a pou t al patisipe nan 46èm Reyinyon Òdinè Chèf Leta Karikòm yo nan Georgetown. Lè sa a, se Minis Ekonomi ak Finans la, Michel Patrick Boisvert ki te fè yon ti kenbe pou li nan tèt primati an pandan deplasman li a. Se konsa nan tout peyi a, kri bloke Ariel Henry pou li pa retounen nan peyi a t ap rezonnen. Manifestasyon te tanmen nan Pòtoprens ak nan prensipal vil nan peyi a, tankou Okap, Jeremi, Jakmèl, Wanament, avèk eslogan «Deyò Deyò Nèt (DDN)». Nan yon ti tan, mouvman sa a ta pral transfòme pou li tounen yon veritab «peyi lòk».
Pandan tan sa a, gang ame yo t ap monte an puisans. Yo t ap mache pran tèritwa epi bay fòs polis yo bout tèren. Nan lannuit 2 mas 2024, bandi yo lanse yon aso kont penitansye nasyonal ki se pi gwo prizon peyi a pou pèmèt anpil prizoye mete van nan vwèl yo. Zak sa a make yon kafou enpòtan nan dechennman vyolans la nan peyi a. Kèk tan apre, gang k ap kontwole pati nò kapital la ta pral pase yon vitès siperyè tou. Atak yo fòse pèsonèl prizon sivil Kwadèboukè a kouri chape poul yo. Apre sa yo rive bloke menm Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture pou Ariel Henry pa ka rantre. Avyon li te ladan l la t al eseye ateri Okap men li te bloke pi rèd. Se lè sa a yo te deside mete kap sou Repiblik Dominikèn, men kòm Repiblik Dominikèn pa te otorize yo ateri, yo te oblije al ateri Pòtoriko.
Pandan 3 mwa, manifestasyom yo ak vyolans gang yo t ap rapousuiv. Nan dat 3 avril 2024, anba manto KARIKOM, yon akò ki pote non «Akò 3 avril» siyen. Akò sa a kreye yon Konsèy Prezidansyèl 9 manm. Misyon Konsèy sa a se te pou retabli lapè, garanti sekirite epi òganize eleksyon. Sitwayen Edgard Leblanc Fils vin Prezidan Konsèy la epi sitwayen Garry Conille vin Premye Minis.
Nan diskou li pandan l ap rantre nan fonksyon li, Garry Conille parèt kòmsi se Bondye menm ki voye li sot nan syèl la pou vin sove peyi a. Li pwomèt l ap reprann tèritwa ki te sou kontwòl gang yo san pèdi tan. Yon ti tan apre, imaj Konsèy Tranzisyon an ta pral drive nan labou akoz akizasyon kòripsyon ki te tonbe sou 3 nan manm li yo (Smith Augustin, Emmanuel Vertilaire ak Louis Gérald Gilles), daprè yon rapò Inite Lit Kont Kòripsyon (ULCC). Apre sa Edgar Leblanc Fils ta pral oblije tchoula kò li bay Leslie Voltaire fè tou pa li nan tèt Konsèy Tranzisyon an, selon lojik yon ti kou pou chak moun nan.
Apre sa, ta pral genyen gwo bouch louvri ant Garry Conille ak Konsèy Tranzisyon an ki te vle voye kèk minis ale. Kòm Garry Conille pa te rantre nan lojik voye ale a, Konsèy la tou mete l atè nèt li fini. Se konsa Alix Didier Fils-Aimé vin nome Premye Minis nan plas Garry Conille. Li pwomèt li pral bay peyi a yon kout men.
Kantite tèritwa gang yo mache pran
Pandan ane 2024 la, gang yo te vin pi puisan chak jou epi yo te mache okipe anpil tèritwa.
Pami zòn yo mache pran, nou ka site Kafoufèy, Pòtay Leogàn, Ri Sentonore, Riyèl Alèt, Taba 27, Solino, Nazon, Ponsonde, ak Akayè. Apre Garry Conille fin pèdi pouvwa a, peyi a vin tonbe nan anachi nèt. Gang yo fè gwo atak sou Vivi Michèl, Solino, Taba, Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture, Gran Ravin, Riyèl Alèt, wout nasyonal #3, Maryani, san konte sant vil Pòtoprens ki pase pa li pandan ane 2024 la.
Nan yon mesaj ki t ap vire sou rezo sosyal yo, potpawòl gang ame yo te menm deklare lekòl fèmen jiska nouvèl lòd epi li te fè konnen wout nasyonal yo te bloke. Chak chèf gang te fèmen tèritwa ki te sou kontwòl li. Leta li menm t ap eseye fè sa li kapab men devan puisans gang yo, li te montre li enpuisan. Sitiyasyon sa a te lage Pòtoprens nan yon tèt chaje anba ensekirite a ki t ap vale tèren chak jou pi plis.
Kisa gang yo t ap revandike an 2024 ?
Gang yo te prezante tèt yo kòm gwoup k ap defann moun ki pi mal yo. Yo di tèt yo yo se «nèg ak zam» epi yo t ap mande plas pa yo nan Leta, pandan yo te vle ranvèse sistèm an plas la yo di k ap peze kou malere. Pòtpawòl yo, nan yon entèvyou li te bay nan yon emisyon te plede pou kreyasyon yon lòt sosyete. «Fòk kat la rebat», daprè sa li te deklare. Tout lòt chèf gang yo te fè deklarasyon tou ki te ale nan menm sans ak pòtpawol yo, kòmkwa se moun ki pi fèb yo y ap defann, fòk gen yon lòt sosyete.
Masak nan Waf Jeremi
Nan lannuit 6 pou louvri 7 jiyè 2024 la, chèf gang Waf Jeremi an fè yon masak kote anviwon 400 granmoun aje pèdi lavi yo. Masak sa a ki te chita sou pretèks yon konplo yo ta fè kont pitit chèf gang nan te choke alafwa kominote masyonal ak entènasyonal la. Chèf gang nan te menm rive fè manm gang li yo verifye telefòn moun nan zòn nan pou gade si yo kominike enfòmasyon an bay moun deyò.
Kijan gwoup ame yo òganize ?
Gang yo byen òganize lè y ap opere. Yo gen yon chèf nan tèt yo ak manm gang nan k ap aji anba zòd yo ki pote diferan non daprè travay y ap fè a : ajanten, toutè, antèn, sòlda. Yo divize an eskwad pou kontwole tèritwa yo okipe yo, fè machin peye, detounen machin. Chak gang gen yon chèf ki anba lòd gwo chèf la k ap kontwole chak pòs.
Mouvman Bwa Kale a (BK)
Pou eseye reziste anba puisans gang yo, popilasyon an te chache tout mwayen posib pou defann tèt li pou li pa te oblije nan plede kouri kite zòn li devan vyolans la. Se konsa mouvman «Bwa Kale» a vin kreye. Baton ki nan men ou se ak li ou pare kou, popilasyon an pran sa li jwenn sèvi kòm zam pou anpeche gang yo pran kontwòl kèk zòn. Se konsa manm popilasyon sa yo ki t ap reziste ak gang yo te vin fòme sa yo rele Brigad Vijilans pou kontrekare gang yo. Zòn ki pote premye pri nan mouvman sa a se Kanapevè, Debisi, Meyòt, Fò Jak, ak kèk vil pwovens tankou Miragwàn, Mibalè, Okay, eks. Mouvman rezistans Bwa Kale a souvan kolabore ak Lapolis pou pwoteje zòn yo kont atak bandi yo.
Bon kote ak move kote mouvman Bwa Kale a
Mouvman Bwa Kale a se sèl zam rezistans efikas popilasyon an te jwenn fas ak bandi ame yo. Li te pèmèt yo anpeche kèk zòn tonbe anba kontwòl bandi yo. An menm tan, li bay gang yo kè sote epi li limite kantite zam ak minisyon k ap sikile fasilman ant diferan baz gang yo. Gen kote, tankou Kanapevè, Petyonvil, Kenskòf, gen bandi ki rive tonbe nan al eseye atake zòn sa yo. Gen anpil kote tou, yo mete baryè pou kontwole ki moun k ap antre, sitou lannuit. Gen baryè yo ki fèmen apati 9 è 30 oswa 10 zè nan aswè pou yo relouvri 6 zè nan maten.
Anpil moun k ap reflechi te bat bravo pou mouvman sa a. Gen yon pwofesè ki deklare : «Konsènan Bwa Kale a, pèp ayisyen an pa gen leson sou dwa moun pou li pran nan men pèsonn. Se nan lagè nou ye. Se pou nou goumen menm jan ak Dessalines. Batay sa a nou pa ka pèdi l. Si nou pèdi l, Ayiti ap pèdi. Moun yo konn di yo fè travay yo jan blan mande l la. ebyen n ap fè travay la jan Dessalines montre nou li a.»
Jean Ernest Muscadin ki se Komisè Gouvènman nan Miragwàn te deklare pa gen plas pou bandi nan Miragwàn, chak ti grenn ki monte y ap pran bwa.
Nan yon entèvyou ak kèk sitwayen ki bat bravo pou mouvman an, yo deklare : « Yo pa ka monte Petyonvil. Depi yo monte n ap ba yo dife. Viv bwa kale ! Se li ki souf nou si se pa te li nou t ap peri deja. Nou file koulin nou pou yo. Men yo ap vini anba an n mete barikad. Nou gentan boule 30 ladan yo, rès yo gaye nan plenn nan, an n chache yo pou n ba yo bwa kale. N ap fouye tout moun : chany, machann, kamyon pou n wè si yo pa pot zam ak bal»
Yon lòt bò, mouvman Bwa Kale a fè anpil inosan pase pou koupab. Anpil moun rive disparèt akoz yo pran yo pou lòt moun. Gen inosan ki viktim akoz yon malantandi oswa kèk fòm prejije ki lye ak aparans fizik moun nan. Gen moun k ap kouri pou bandi k ap chache refij epi ki al viktim nan lòt zòn akoz yo parèt enkoni. Anpil moun ki nan brigad yo pa resevwa fòmasyon pou yo fè sa y ap fè a. Genyen k ap fouye moun, k ap konpòte yo an mèt zòn, an gwo ki konn afiche kèk konpòtman ki konn pa twò diferan de sa y ap repwoche bandi yo.
Gen sitwayen ki viktim anba men brigad vijilans yo ki temwaye konsa :
«Mwen te sot travay ta epi baryè yo te gentan fèmen, mwen pa te kapab antre. Se yon pwoblèm pou mwen.» «Mwen pa gen kat idantifikasyon paske mwen te fè li yo pa janm ban mwen li. Kounye a mwen pa ka soti paske mesye Bwa Kale yo san pitye nan lari a.» »Mwen gen yon zanmi m ki soti li pa janm rantre. Apre 2 jou nou jwenn mesye Bwa Kale yo boule l.» «Gen de lè m soti epi yon ti farinay lapli fè yo fèmen baryè a depi 7 è, mwen tou deyò.»
Deplasman popilasyon an 2024
Ane 2024 se yon ane kote genyen anpil deplasman popilasyon ayisyèn nan ki fèt, swa andedan peyi a, swa aletranje kote anpil Ayisyen al chache lavi miyò.
Pou sa ki ale aletranje, anpil Ayisyen ale nan lòt peyi Karayib yo tankou Repiblik Dominikèn kote y al bouske lavi. Se anpil anpil Ayisyen ki deside janbe an Repiblik Dominikèn an 2024.
Prezidan Dominiken an li menm, Luis Abinader, li lage imigrasyon nan kò Ayisyen sa yo ki ilegal nan peyi li pou arete yo mennen yo tounen an Ayiti. Li fè mete yo nan kamyon bwat epi pimpe yo sou fwontyè ki separe 2 peyi yo. Nan dat 2 oktòb 2024, Prezidan Abinader pran desizyon pou li pimpe tounen 10 000 Ayisyen pa semèn, sa ki fè tansyon vin ogmante ant 2 peyi yo ki pataje zile a.
Selon OIM, kantite Ayisyen k ap viv aletranje se anviwon 2,5 milyon, pami yo, 907 790 ap viv Etazini, 1 million an Repiblik Dominikèn, anviwon 20 000 ap viv Gwadloup, 5 000 an Matinik, eks.
Nan kòmansman ane 2024 la, administrasyon Biden-Harris lanse yon pwogram ki pèmèt 30 000 resòtisan peyi Kiba, Venezyela, Nijaragwa ak Ayiti rantre Etazini chak mwa. Anviwon 120 000 Ayisyen rive kite peyi a ale Etazini pa mwayen pwogram sa a. Pami moun sa yo, gen anpil sèvo ki ta kapab ede peyi a tankou doktè, pwofesè, jounalis, eks.
Andedan peyi a tou, genyen anpil deplasman popilasyon an akoz vyolans gang ame yo. Anpil moun kouri kite katye yo pou y al refijye nan lòt zòn, swa nan kapital la oswa nan pwovens, osinon nan kan pou deplase.
Edikasyon nan ane 2024 la
Sistèm edikatif la pran gwo kou anba men gang ame yo. Yo kidnape oswa touye direktè, pwofesè, elèv. Genyen menm ki pran bal mawon ki tou pote yo ale.
Anpil lekòl ak inivèsitè oblije fèmen pòt yo, gen lòt ki oblije deplase kite lokal kote yo te konn travay pou anpeche yo pase anba vyolans gang yo.
Pami fakilte nan Inivèsite Leta a ak lòt enstitisyon ansèyman siperyè ki viktim, swa yo piye, ki sèvi kan deplase oswa yo sakaje, genyen Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik, Sant Fòmasyon pou Lekòl Fondamantal, Fakilte Etnoloji, Fakilte Agwonomi ak Medsin Veterinè, Fakilte Lengwistik Aplike, Enstiti Etid ak Rechèch nan Syans Sosyal, eks.
Sitiyasyon Madan Sara yo
Ekonomi ayisyèn nan repoze anpil sou zepòl Madan Sara yo, medam sa yo ki al achte tout kote nan peyi a pou vin vann nan gran vil yo. Ensekirite a lakoz yo pa kapab mennen aktivite yo kòmsadwa. Nan milye peyizan yo, rekòt yo ap gate men yo pa ka voye yo vann lavil. Nan Pòtoprens menm, pri pwodui premye nesesite yo monte disèt wotè, lè yo jwenn yo. Komèsan ki pran ris al achte oblije peye anpil lajan nan pòs peyaj pou yo ka travèse ak machandiz yo. Genyen menm ki konn rive pèdi lavi yo lè konsa. Menm sa ki konn rive travèse yo, yo konn twouve yo nan sitiyasyon kote yo vòlò tout machandiz yo, lage yo de bra balan.
Antoine, yon peyizan nan Chanbelan temwaye : «Mwen depanse pou m plante yanm, patat, mayi, pwa, bannann. Men kounye a tout pwodui yo fin pouri, yo pa ka ale Pòtoprens. Lakay nou la a, nou ta vann men tout moun genyen yo. Nou pa konn sa pou n fè».
Bò kote pa li, Jeanne, yon peyizàn ki soti Okay deklare : «Depi maten nou nan mache a, nou vini ak 2 milèt bannann, yo pa ka vann. Nan redi nou vann 6 rejim men rès là la a se jete nou pral jete l bò rivyè a paske li prèske lannuit, fòk nou ale lakay nou.»
Pòtoprens menm, Vivianne ale nan mache Petyonvil epi li deklare : «Lavi a vin si tèlman chè, twa grenn bannann miske pou 70 dola, epi manje ap gaspiye lakay mwen m pa ka ale paske m pa ka pase Matisan.»
Madeleine, yon fanm Madan Sara esplike : «Mwen santi mwen jennen paske m pa ka vwayaje. Yon bò, kliyan agrikiltè yo ap rele m chak jou pou mande kisa m ka fè pou yo paske pwodwi yo prèske pouri. Yon lòt bò, kliyan vil yo ap mande pwodwi. Sitiyasyon an ralanti mwen anpil.»
Ensekirite a bloke komès al achte vin vann pwodui agrikòl yo, sa ki fè Madan Sara yo, agrikiltè yo ak kondomatè yo pa ka viv. Tout kote nan peyi a popilasyon an ap rele anmwe sekou, sa ki montre kijan kriz sa a afekte ekonomi an ak lavi chak jou Ayisyen yo.
Se chak jou sitiyasyon politik ak sekirite an Ayiti a ap vin pi mal. Aktè politik ak ekonomik yo pa rive jwenn bon fòmil la pou yo ta anpeche bato peyi a koule.
An 2024, gang yo vin pi puisan, yo mache okipe tèritwa epi yo bay Leta bout tèren. Dènye rapò Nasyonzini an fè konnen genyen pou pi piti 3 661 moun ki pèdi lavi yo anba vyolans pandan ane 2024 la.
Nan Latibonit yo kondidere kòm galata peyi a, vyolans yo fòse agrikiltè yo abandone plis pase 3 000 ekta tè, sa ki vin tounen abse sou klou nan ensekirite alimantè a ki afekte 1,6 milyon moun daprè Nasyonzini.
Malgre yo eseye mete kanpe yon Konsèy Tranzisyon, deplwaye yon fòs miltinasyonal, ti Mari ensekirite a pa ni monte ni desanm. Volker Turk, ki se Wo Komisè Nasyonzini pou dwa moun fè konnen sa k ap fèt la yo pa rive bloke ensekirite a.
Kanmenm, an desanm 2024, kèk operasyon te pèmèt fòs lòd yo reprann kontwòl kèk zòn estratejik nan depatman Latibonit, men jefò sa yo rete yon gout dlo nan yon oseyan.
Kisa nou ka espere ?
An 2024, vyolans sou tout fòm (vyòl, vòl, ansasinay, piyaj) te pran yon lòt vitès. Pi fò kote nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la se zòn wouj, peyi etranje yo riske pimpe yon bann Ayisyen tounen ban nou ane sa a. Epi sitiyasyon politik la rete menmman parèyman, eksepte kèk chanjman nan kèk pòs, kòm Mario Andresol ki vin Sekretè d Eta Sekirite Piblik nan kòmansman ane 2025 la.
Kisa nou ka espere ? Se yon kesyon ki mande reflechi pou ane 2025 la. N ap founi je nou gade ki pyon ki pral deplase sou sèn nan epi ki konsekans y ap genyen pou peyi a.
Kesnor Simon
Eidyan an Istwa
Enstiti Etid ak Rechèch Afrikèn d Ayiti (IERAH-ISERSS)
