Anbasad Kanada remèt yon flonn machin bay Lapolis

Nan yon seremoni ofisyèl ki dewoule nan Direksyon Jeneral Lapolis Nasyonal d Ayiti (DGPNH) jedi 6 fevriye 2024 la, Anbasad Kanada remèt yon flonn machin bay enstitisyon polisyè a, nan kad pwojè koperasyon ant Anbasad Kanada ak Biwo Nasyonzini pou Sèvis k ap apiye pwojè (UNOPS).

An tou se 42 machin Toyota Land Cruiser yo remèt bay Lapolis sou yon total 59 yo te pwomèt li. Nan menm okazyon an, Ofis Nasyonzini Kont Dwòg ak Krim Òganize (ONUDC) remèt 31 veyikil bay PNH la, ladan yo 12 pikòp Toyota Land Cruiser ak yon seri motosiklèt.

Machin Anbasad Kanada ak UNOPS bay yo pral ranfòse kapasite Direksyon Administrasyon Penitansyè (DAP) alòske sa ONUDC bay yo pral ranfòse kapasite Polis Fwontyè Tèrès (POLIFRONT).

Nan kad seremoni sa a, Direktè Jeneral Lapolis la, Mesye Rameau Normil, te reponn prezan, menm jan ak Anbasadè Kanada a, Mesye André François Giroux, ki te akonpaye avèk Dezyèm Sekretè Anbasad Kanada a, Mesye Pierre-Luc Saindon, Direktris UNOPS an Ayiti a, Madam Dabagai Dabagai, epi Chèf Biwo ONUDC an Ayiti a Mesye Juan Marquez.

Description de l'image